Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/1/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Orè pou Pwogram Iminizasyon ak Vaksinasyon Elèv Lekòl pou Mwa Mas, Baze sou Disponiblite

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye fè patenarya avèk Inite Pedyatrik Mobil ‘Shots-2-Go’ “University of Miami Health System (UHealth)” (Sistèm Sante ‘University of Miami’) pou ofri vaksen obligatwa nan kèk andwa lekòl nou chwazi atravè Distri a. 

Inite Pediatrik Mobil ‘Shots-2-Go’ UHealth la ap ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl pou ane eskolè 2023-2024 a e pou nenpòt elèv ki gen laj lekòl, men ki manke yon vaksen. Inite a ap ofri tou vaksen grip la ansanm ak vaksen COVID-19 pou elèv ki elijib. 

Pou elèv yo elijib pou vaksen COVID-19 la, yo DWE gen omwen laj sis (6) mwa nan jou y ap resevwa vaksen an. Paran yo dwe ranpli tou yon fòm depistaj ak konsantman pou vaksen COVID-19 la, ki ap disponib nan andwa kote y ap bay vaksen an.

Nou mete feyè nan atachman an ann Anglè, ann Espanyòl ak an Kreyòl ki gen tout andwa, orè, ak lè ki disponib pandan tout mwa mas a pou kominote a. Elèv ki nan lekòl kote inite mobil la ap bay vaksen an ap gen priyorite. Randevou pa nesesè pou resevwa vaksen, toutotan li disponib.

Nou ankouraje paran yo eskane kòd ‘QR’ nan feyè ki nan atachman an, pou jwenn fòm konsantman yo sou entènèt e ranpli yo anvan yo vizite inite mobil la. Pou elèv ki fèk vini nan Florid, tanpri pote dosye vaksinasyon nou.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter, nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/64/AR/CM

Follow us