Esplikasyon
Foto a: Prezidan Chanm Komès Miami-Dade-County Eric Knowles, Sipèentandan Lekòl
yo Dtè. Jose L. Dotres, Direktris Lakeview Elementary Dtè. Marie Bleus ansanm
ak kèk anplaye ak elèv
Sipèentandan
an Dtè. Jose L. Dotres te rankontre avèk Prezidan Chanm Komès Miami-Dade G.
Eric Knowles nan Lakeview Elementary mekredi a pou lanse Inisyativ “The Reading
Chamber” (Espas Lekti) a.
Inisyativ
sa a ogmante kantite manm ki gen nan kominote Chanm Komès Miami-Dade la ki
dispoze ede, lè li mande yo sèvi kòm volontè pou fè lekti pou elèv premye ane
atravè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade
County). Objektif Espas Lekti a se bati yon fondasyon solid pou elèv ka vin
devlope yon lanmou pou lekti nan lavni atravè aktivite enteresan e pratik
volontè yo pral fè avèk elèv yo.
Direktris
Lakeview Elementary Dtè. Marie Bleus te akeyi toude lidè yo, e yo te vizite
klas premye ane Mesye Roberts ak Madam Connelly kote yo te li pou elèv yo istwa
“If You Give a Mouse a Cookie” (Si Ou Bay yon Sourit yon Bonbon).
Yo chwazi 2 Mas kòm Jounen Nasyonal Lekti Atravè Peyi a. Kòm jou sa a tonbe nan yon wikenn, M-DCPS selebre
Jounen Nasyonal Lekti Atravè Peyi a vandredi
1ye mas 2024. Manm Chanm Komès Miami-Dade yo, ki gen ladan pwopriyetè biznis lokal ansanm ak lidè
kominotè, patisipe kòm volontè pou fè lekti nan kat (4) lekòl
elemantè atravè distri a: Barbara Hawkins
Elementary School, Fulford Elementary School, Arcola Lakes Elementary School, Van
E. Blanton Elementary School ak Parkway Elementary School.
Espas
Lekti a se yon inisyativ ki ap kontinye mete kominote biznis lokal yo ak lekòl
yo ansanm pou sipòte edikasyon.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è
diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la
sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non
Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
24-VSP/067/AR/CM/RD