“The Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram
Estaj pou Jèn Ete a), ki bay elèv lekòl segondè eksperyans travay pandan ete a
nan konekte yo ak plizyè santèn anplwayè, te fè yon evènman pou lanse pwogram
nan jodi a. Yo te konsantre sou akeyi nouvo patnè estaj ki ka antre nan pwogram
nan ane sa a ansanm ak enskri elev “Miami-dade County Public
Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou ete a.
SYIP ofri elèv yo senk semèn eksperyans travay peye nan
yon pakèt domèn kòmanse jiyè jiska out.
Sipèentandan M-DCPS Doktè Jose L. Dotres di, “Pwogram
Estaj Ete pou Jèn yo se yon opòtinite san parèy pou elèv nou yo resevwa bonjan eksperyans
travay nan yon kantite domèn e pou patwon yo pwofite mendèv yon pakèt travayè
ki chaje ak antouzyas, entelijans ak motivasyon, ki ka alavni deside fè travay
sa a tounen yon karyè.”
M-DCPS fè
patenarya avèk The Children’s Trust, Miami-Dade County, Career Source South
Florida, EdFed – The Educational Federal Credit Union, ak Foundation for New
Education Initiatives pou ofri estaj sa yo, ki disponib pou elèv nan klas 10èm
rive 12èm ane ki konplete pwosesis aplikasyon an 24 me oubyen avan sa. Tout
ansyen ak nouvo anplwayè yo dwe enskri nan miamiinterns.org e yo ka anplwaye jiska 10 entèn pandan
pwogram nan.
Majistra
Miami-Dade County, Daniella Levine Cava di, “Miami-Dade County fyè pou l
patisipe nan “Summer Youth Internship Program” (Pwogram Estaj pou Jèn pandan
Ete a) ki pa sèlman ofri elèv nou yo yon chans pou resevwa yon salè ak lòt
opòtinite pou vakans ete yo, men tou li prepare yo pou travay nan nouvo ekonomi
an epi prepare yo pou lavni… Gouvènman lokal nou an gen yon wòl eksepsyonèl pou
l jwe nan siksè elèv nou yo atravè pwogram tankou sa a, e nou pa ka tann pou
nou resevwa anpil nan elèv yo kòm estajè nan pwogram pa nou yo, chak ane."
Elèv estajyè yo
ap travay 30 èdtan chak semèn, senk jou pa semèn, e se SYIP ki ap peye yo, se
pa anplwayè yo, e y ap gen asirans aksidan. Elèv yo dwe elijib pou travay nan
Etazini, yo dwe enskri nan lekòl leta Miami-Dade e yo dwe enskri e konplete yon
kou praparatwa pou estaj la.
Ane pase, te gen 3,060 elèv ki soti nan 58 lekòl ki te
patisipe nan estaj avèk 702 anplwayè. M-DCPS ansanm ak patnè li yo te envesti $6
milyon nan pwogram nan. Tout elèv ki te enskri nan SYIP yo resevwa kredi pou lekòl
segondè epi yo ka elijib pou resevwa kredi pou kolèj atravè pwogram anwolman
doub avèk Miami-Dade College.
James Haj, Prezidan & Direktè Jèneral ‘The Children’s
Trust’ di, "Kòm yon manm fondatè ki fyè e kòm yon patnè ki ap kolabore pou
sipòte pwogram SYIP a depi plizyè ane, nou fyè anpil pou gwo pwogrè pwogram sa
a fè pou rive kote li ye kounye a. Òganizasyon Children's Trust resevwa plizyè
jèn estajè nan pwogram SYIP a tou chak ane, epi yo ajoute anpil vitalite ak
nouvo pèspektiv chak ane. Nou
ankouraje lòt òganizasyon pou yo fè menm jan an.”
Yo plase elèv
yo nan divès biwo atravè Konte Miami Dade, biwo veterinè, restoran, konpayi ki
fè travay jeni, sant gadri, biwo avoka ak anpil lòt kote ki vrèman enteresan. Bay elèv
opòtinite pou eksplore fiti karyè yo pandan y ap touche yon salè e resevwa
kredi lekòl segondè se yon lòt bon egzanp sou rezon ki fè M-DCPS se pi bon chwa
ou.
Ann Stith, Direktris Egzekitif ‘Foundation for New
Education Initiatives’ di, “Anplwayè yo gen yon opòtinite pou yo ekspoze jèn yo
ak endistri yo e kreye enterè nan pousuiv posiblite pou fè yon karyè nan
endistri sa yo… San yo pa depanse anyen, y ap konseye elèv sa yo e y ap jwenn
moun ki vrèman motive pou fè kèlkeswa travay yo bezwen fè a pou ede yo avèk
biznis oubyen aktivite yo.”
Pou plis enfòmasyon konsènan SYIP, tanpri rele 305
693-3005 oubyen vizite miamiinterns.org.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la
sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non
Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
24-VSP/070/AR/SD/RD/CM