Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/15/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County, University of Chicago Education Lab, Accelerate, ak Griffin Catalyst Fè Patenarya Pou Lanse Gwo Inisyativ Pou Bay Leson Patikilye Wo Nivo, Ki Vo $9 milyon Dola.

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), an patenarya avèk "Accelerate - The National Collaborative for Accelerate Learning" (Akselere – Pwojè Kolaboratif Nasyonal pou Aprantisaj Aksele) ak "University of Chicago Education Lab" (Laboratwa Edikasyon University of Chicago), te anonse yon don finansye ki vo $9 milyon dola ki soti nan men Kenneth C. Griffin, ki se fondatè ak Direktè Jeneral konpayi Citadel epi li se manm fondatè konpayi Griffin Catalyst, pou sipòte lansman gwo pwogram leson patikilye wo nivo nan matematik pou elèv Miami-Dade k ap fè ratrapaj aprè kriz edikasyonèl pandemi COVID-19 la te lakòz.

 

Nan kòmansman pwogram nan, sipò sa a pral pèmèt nèf lekòl M-DCPS pou kolabore ansanm, aplike epi amelyore pwogram leson patikilye ki baze nan lekòl yo pou elèv ki nan klas sizyèm rive uityèm ane. Patenarya sa a k ap dire twazan e ki se yon pati nan Inisyativ Nasyonal pou Aprantisaj Pèsonalize, a pral benefisye yon premye gwoup ki gen plis pase 1,100 elèv pou ane lekòl 2023-2024 la, epi yo prevwa pou plizyè milye elèv adisyonèl enskri nan pwochen ane lekòl k ap vini yo.

 

Mesye Griffin di, "Chak timoun ka reyisi si yo resevwa sipò patikilye ki adapte a bezwen edikasyonèl yo, enterè ak aspirasyon yo… Lè Lekòl Leta Miami-Dade County envesti nan plan aprantisaj pèsonalize pou elèv yo, sa pèmèt elèv yo atenn tout potansyèl yo epi prepare yo pou siksè nan yon mond ki vin pi konplèks e pi dinamik."

 

Pandemi COVID-19 la te lakòz elèv nan peyi Etazini yon mwayèn pèt aprantisaj ekivalan a omwen sis (6) mwa, avèk timoun ki soti nan kominote defavorize ki gen revni ba yo soufri pi gwo reta toujou. M-DCPS rete yon lidè nasyonal nan fè envestisman estratejik enpòtan pou adrese enpak pandemi an, e patenarya sa a ogmante sou pwogrè ki fèt pou akselere aprantisaj pandan plizyè ane ki sot pase yo. Inisyativ lokal sa a ki te devlope an kolaborasyon ak ekspè nan devlopman kourikoulòm M-DCPS yo, pral entwodui pwofesè nan "Math Foundational Skills Courses" (Kou Ladrès Matematik Fondamantal), ki vize pou bay plis sipò pou elèv ki gen bezwen yo.

 

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County, Doktè Jose L. Dotres di, "Nou te temwen enpak pandemi an fè sou elèv yo ak konsekans li te genyen sou kominote lekòl nou an. Nou ap tann ak kè kontan patenarya sa a k ap dire plizyè ane pou ranfòse fason pou nou ogmante inisyativ leson patikilye wo nivo sa a pou ede elèv nou yo akselere aprantisaj yo pou yo rive jwenn tout potansyèl akademik yo."

 

Rechèch yo te fè nan Laboratwa Edikasyon University of Chicago a te montre potansyalite pwogram "high-dosage tutoring (HDT)" (Leson Patikilye Wo nivo) a, ki te resevwa apwobasyon Minis Edikasyon Nasyonal Ameriken an, Miguel Cardona, nan ane ki sot pase a. Baze sou dènye rechèch sa yo, pwogram aktyèl sa a fè pati nan "Personalized Learning Initiative (PLI)" (Inisyativ pou Aprantisaj Pèsonalize), ki se yon inisyativ nasyonal ki gen anpil potansyèl ki fèt pou ede distri yo devlope, teste, ak enplemante 'HDT' pou konbat pèt aprantisaj pandemi a lakòz. Pou inisyativ 'PLI' la, Laboratwa Edikasyon nan University of Chicago ansanm ak òganizasyon rechèch nasyonal 'MDRC' la ap fè patenarya ak eta ak distri lekòl atravè peyi a pou angaje plizyè dizèn milye elèv pou teste diferan vèsyon leson patikilye wo nivo yo pou redwi depans yo epi ogmante enplemantasyon modèl entèvansyon efikas sa a. Anplis, rezilta preliminè PLI yo fèk pibliye yo, se kèk nan premye endikasyon ki montre pwogram 'HDT' la ap travay nan mond reyèl la pou ranvèse pèt aprantisaj epòk pandemi an.

 

M-DCPS, an patenarya avèk "Accelerate - The National Collaborative for Accelerated Learning" (Accelerate – Pwojè Kolaboratif Nasyonal pou Aprantisaj Akselere) – pare pou l vin yon lidè nasyonal nan idantifye epi ogmante pratik ki fè bon jan pwogrè nan aprantisaj elèv yo. Inisyativ sa a prezante yon opòtinite enpòtan pou enfliyanse desizyon ki ap pran yo epi sipòte aplikasyon entèvansyon edikatif sa a ki gen gwo enpak nan diferan nivo.

 

Jens Ludwig, direktè Pritzker ak direktè adjwen nan Laboratwa Edikasyon University of Chicago di, "Sou trajèktwa nou ye kounye a, pèt aprantisaj pandemi a te lakòz yo pral kite yon mak dirab ki ap chanje lavi plizyè milyon etidyan Ameriken. Mwen gen anpil rekonesans pou Ken Griffin pou don sa a, ki gen posiblite pou ogmante opòtinite edikasyonèl epi amelyore pwogrè mobilite sosyal."

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.

 

Konsènan Lekòl Leta About Miami-Dade County
"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), yon distri lekòl ki fè nòt 'A', se twazyèm pi gwo sistèm lekòl nan peyi a, avèk plis pase 400 lekòl ak yon popilasyon divèsifye ki gen plis pase 330,000 elèv ki soti nan plis pase 160 peyi. Tradisyon akonplisman eksepsyonèl nou an ki ap kontinye, resevwa meyè rekonesans nan nivo nasyonal ak entènasyonal. Resamman, M-DCPS te atenn yon to gradyasyon remakab, ki se 92 pousan.

 

Konsènan Griffin Catalyst

'Griffin Catalyst' se inisyativ angajman sivik, fondatè e Direktè Jeneral 'Citadel' Ken Griffin te kreye, ki gen ladan efò li ap fè pou kreye yon enpak nan domèn filantwopik ak kominotè. Lè li atake pi gwo defi mond la ap fè fas avèk inovasyon, aksyon ki chita sou evidans, 'Griffin Catalyst' demontre li devwe pou l elaji opòtinite yo e amelyore lavi moun atravè sis domèn konsantrasyon: Edikasyon, Syans & Medsin, Asansyon Sosyal, Libète & Demokrasi, Antrepriz & Inovasyon, ansanm ak Kominote.

 

Konsènan Laboratwa Edikasyon 'University of Chicago'

"The University of Chicago Education Lab" (Laboratwa Edikasyon University of Chicago) fè patenarya avèk distri lekòl yo pou kreye, teste, e devlope pwogram pou asire tout elèv gen opòtinite pou fè siksè nan lavni. Lè nou jenere bonjan evidans nan yon nivo pratik, nou montre vizyon nou yo pa teyorik; yo fèt pou yo aplike nan salklas e pou yo atenn yon pi gran kantite elèv – e kòm rezilta, n ap fè enpak sou maksimòm elèv atravè tout peyi a.

 

Konsènan MDRC

'MDRC' pran angajman pou l jwenn solisyon pou kèk nan pwoblèm ki pi difisil peyi a ap fè fas—kòmanse sou rediksyon povrete ak sipò pou endepandans ekonomik rive nan amelyorasyon edikasyon piblik ansanm ak to gradyasyon nan kolèj. MDRC kreye nouvo entèvansyon ki vrèman pozitif, li evalye pwogram ki egziste yo, li ofri asistans teknik pou devlope meyè pwogram e akonpli entèvansyon ki efikas e ki ap atenn yon majorite moun.

 

Konsènan Accelerate – Kolaborasyon Nasyonal pou Aprantisaj Akselere

'Accelerate se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi, 'America Achieves', yon òganizasyon nasyonal ki pa la pou pwofi, te kreye, devlope e lanse, ki ap chèche entwodui pwogram leson patikilye trè efikas nan lekòl piblik yo kounye a e pou lavni. 'Accelerate', ki te kòmanse ann avril 2022 avèk yon fon inisyal $65 milyon, finanse e sipòte inovasyon nan lekòl yo, li lanse pwogram rechèch kalite siperyè, e li ap aplike règleman federal yo pou sipòte travay sa a.


# # #

24-VSP/076/NB/RD/CM/SD

Follow us