Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/24/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

'Magnet Schools of America' Rekonèt Lekòl Leta Miami-Dade County Ak Pi Gwo Prim Magnet Nasyonal Onè-Sipèentandan pou Ane a

Yo nonmen Sipèentandan "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) Dtè. Jose L. Dotres Mèyè Sipèentandan Magnet Schools of America (MSA) pou Ane 2024 la. Anons sa a te fèt nan Konferans Nasyonal 'MSA' a ki te fèt jedi a nan New York.

 

Prim anyèl sa a rekonèt travay enpòtan dirijan nan distri lekòl yo pou kenbe pwogram Magnet yo yon priyorite nan seleksyon pwogram chwa lekòl yo ofri. Prim distenge sa a rekonèt angajman nou genyen pou ekselans nan pwogram lekòl magnet nan M-DCPS, ki se premye distri lekòl magnet nan peyi a.

 

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la, Madam Mari Tere Rojas di, “Prim sa a se yon temwayaj pou devouman san parèy konsèy lekòl la, elèv ekstrawòdinè nou yo, edikatè, administratè nou yo ak tout fanmi M-DCPS la. Ansanm, nou devlope yon rezo vibran nan lekòl magnet yo ki ofri yon eksperyans akademik eksepsyonèl ki pèmèt elèv yo atenn tout potansyèl yo. Prim sa a se yon rekonesans byen merite pou Dtè. Dotres, ki se yon edikatè ki pasyone e ki inovatif k ap dirije twazyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a.”

 

M-DCPS toujou distenge tèt li kòm yon lidè nasyonal nan edikasyon magnet. Distri a gen 617 Prim Merit Nasyonal, ki se plis prim merit ‘MSA’ yon distri lekòl resevwa nan peyi a, e ki rekonèt pwogram Magnet eksepsyonèl li yo nan divès espesyalizasyon. Anplis, M-DCPS antèt peyi a avèk 46 “Certified National Excellence Magnet Schools” (Lekòl Magnet Ekselans Nasyonal ki Sètifye) ak nèf “Certified National Demonstration Magnet Schools” (Lekòl Magnet Nasyonal ki Sèvi Kòm Modèl ki Sètifye).

 

Rekonesans sa a mete aksan sou angajman san parèy M-DCPS nan misyon li pou devlope potansyèl akademik chak elèv pandan n ap ankouraje aprantisaj dirab pandan tout lavi ak bon sitwayènte. Avèk gwo rezo lekòl magnet solid li yo, M-DCPS rete pi bon chwa ou pou tout elèv yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/080/HD/RD/SD

Follow us