Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/25/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade Resevwa Prim Sètifika Ekselans nan Rapò Finansye pou yon 40èm Ane

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade resevwa Prim “Certificate of Excellence in Financial Reporting Award (COE)” (Sètifika Ekselans nan Rapò Finansye) “Association of School Business Officials (ASBO)” (Asosyasyon Ofisyèl Biznis Lekòl) Entènasyonal pou bonjan kalite Rapò li pou “Annual Comprehensive Financial Report (ACFR)” (Rapò Anyèl Global sou Finans) nan ane fiskal ki te fini 30 jen 2023 a. Patisipasyon Distri a nan pwogram COE a pandan 40 dènye ane yo se yon temwayaj angajman li pou transparans nan finans.

 

Lè Lekòl Leta Miami-Dade County patisipe nan pwogram COE a, li demontre angajman li pou transparans nan kesyon finansye. Aplikan yo soumèt ACFR yo pou revizyon yon ekip oditè pwofesyonèl reyalize, pou bay enpresyon yo pou amelyorasyon dokiman yo alavni. Si rapò a satisfè demann pwogram nan, li ka resevwa Sètifika Ekselans nan Rapò Finansye a. Patisipasyon yon distri nan pwogram COE a ka fasilite evalyasyon bon yo ansanm ak kontinyasyon deklarasyon pwosesis bon yo.

 

ASBO Entènasyonal, ki egziste kòm yon òganizasyon ki pa la pou pwofi depi plis pase yon syèk, rekonèt gwo efò chak distri lekòl yo nan fason yo prezante rapò finansye bay kominote a yon fason eksepsyonèl. ASBO Entènasyonal pran angajman pou l ofri pwogram, sèvis ak yon rezo global ki pwomouvwa pi gwo estanda nan biznis lekòl. Manm li yo sipòte akonplisman elèv atravè efikasite jesyon resous nan diferan domèn ki klase depi nan finans ak operasyon rive nan sèvis manje ak transpò. 

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/081/HD/CM/RD

Follow us