Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/25/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Onore Meyè Direktè ak Asistan Direktè Lekòl pou Ane a

Image preview

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te onore meyè direktè ak Asistan Direktè Lekòl pou Ane a, nan yon seremoni prim “Dade Association of Schools Administrators (DASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) patwone, aswè a nan DoubleTree by Hilton Hotel.

 

Chantal Osborne, ki ap sèvi kòm direktris nan Lindsey Hopkins Technical Institute, ranpòte pi gwo onè Distri a kòm Meyè Direktè Lekòl pou Ane a. Pou 29 ane ki sot pase yo, Osborne se yon edikatris nan M-DCPS, ki te kòmanse kòm yon pwofesè pandan 18 ane anvan yo pwomote li kòm Asistan Direktris e ansuit kòm Direktris. Moman ki pi memorab nan karyè li se lè li chita sou yon sèn pandan seremoni gradyasyon epi l ap gade elèv yo ki ap apresye okazyon an.

 

Osborne di, “Kòm yon ekip, nou jwe yon wòl enpòtan nan ede elèv adilt nou yo reyalize rèv yo,... Se yon rapèl puisan sou enpak nou genyen sou lavi elèv yo ak satisfaksyon nou jwenn nan gide yo sou wout siksè."

 

 

Yo nonmen Romulo Espinosa nan Lekòl Carol City Middle School kòm Meyè Asistan Direktè Lekòl pou Ane a. Mesye Espinosa, ki se yon veteran nan edikasyon depi 19 ane, te yon pwofesè nan salklas pandan uit ane. Apre sa, li te kontinye kòm yon pwofesè matematik epi kòm yon espesyalis sipò kourikoulòm ansèyman jiskaske li te vin rive yon Asistan Direktè Lekòl pou senk ane pase yo.

 

Espinosa di, "Objektif mwen se pou m yon defansè elèv yo ka fè konfyans ansanm ak yon sous motivasyon pou anplwaye nou yo. Mwen espere nou enfliyanse youn lòt pou n fè efò chak jou, pou reflechi epi amelyore pwòp tèt nou."

 

Gayan Meyè Direktè pou ane a ap resevwa yon prim $2,000 kach ak yon lokasyon vwati pou twazan konpayi Headquarter Toyota patwone. Meyè Asistan Direktè Lekòl pou Ane a ap resevwa yon prim $1,500 kach ak yon kwazyè koutwazi konpayi Royal Caribbean k ap dire twa a senk jou nan yon kabin deliks ki ofri yon bèl panorama sou lanmè a.

 

Evènman sa a te posib gras ak patenarya avèk antrepriz tankou Headquarter Toyota, Equitable, All Here, EdFed, Royal Caribbean, Curriculum Associates, BENCOR, Voya Financial, Hand2 Mind ak Corebridge Financial.

 

Yo te rekonèt nan seremoni an tou moun ki te pran Dezyèm Plas pou Meyè Direktè Lekòl pou Ane a, Kenneth L. Williams, nan Robert Morgan Educational Center, ak moun ki pran Dezyèm Plas pou Meyè Asistan Direktè Lekòl pou Ane a, John Crary, nan South Dade Senior.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/071/HD/SD/RD/CM

Follow us