Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/30/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

U.S. News & World Report Klase Twa Lekòl M-DCPS Pami 100 Meyè Lekòl Ozetazini

U.S. News & World Report mete deyò lis anyèl meyè Lekòl Ozetazini yo, e “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) antèt nan Eta Florid yon fwa ankò. Pami 17,660 lekòl ki klase nasyonalman, yo klase twa lekòl segondè M-DCPS pami Meyè Lekòl Segondè Ozetazini e gen 16 ki fè pati 100 Meyè Lekòl Segondè nan Florid. An total, M-DCPS gen 94 lekòl tradisyonèl ak lekòl magnet ki sou lis la.

 

Lis 2024 Meyè Lekòl Segondè U.S. News & World Report Ozetazi an baze sou revizyon prèske 25,000 lekòl leta tradisyonèl, magnet ak lekòl segondè charter nan tout 50 eta yo ak Distri Columbia.

 

Magazin nan te evalye tout lekòl yo nan sèvi avèk yon analiz sis etap ki gen ladan egzamen “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) ak egzamen “International Baccalaureate (IB)” (Bakaloreya Entènasyonal), pèfòmans lekòl la, konpetans nan matematik ak lekti, pousantaj gradyasyon ak eka nan reyisit elèv yo.

 

Yo rekonèt twa lekòl M-DCPS pami 100 meyè lekòl nan peyi a:      

#61     Marine Academy of Science & Technology Florida International University (MAST@FIU)

#63     Jose Marti Mast 6-12 Academy

#73     Design & Architecture Senior High School (DASH)

         

Yo klase sèz lekòl M-DCPS pami 100 meyè lekòl Florid yo:

 

#7      MAST@FIU

#8      Jose Marti MAST 6-12 Academy

#9      DASH

#13     Young Women’s Preparatory Academy

#14     Terra Environmental Research Institute

#17     Maritime & Science Technology (MAST) Academy

#18     iPreparatory Academy (iPrep)

#21     International Studies Preparatory Academy

#23     MAST Academy @ Homestead

#28     New World School of the Arts

#31     Coral Reef Senior High School

#34     Miami Arts Studio @ Zelda Glazer

#72     Law Enforcement Officers Memorial High School

#89     Barbara Goleman Senior High School

#92     BioTECH @ Richmond Heights 9-12

#99     Arthur & Polly Mays Conservatory of the Arts

Pou lis konplè a vizite, www.usnews.com/education/best-high-schools

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools


# # #

24-VSP/083/AR/SD/CM

Follow us