Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/10/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Lanse Yon Nouvo Pwogram ki Vize pou Diminye Konpòtman Chofè Agresif Ak Ogmante Sekirite Ozalantou Otobis Lekòl yo Kòmanse depi yè, chofè ki pase ilegalman yon otobis lekòl ki kanpe ap resevwa yon kontravansyon ki ap koute $200 dola.

Kòmanse yè, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak Polis Miami-Dade County, fè patenarya avèk konpayi ‘BusPatrol America’, pou lanse premye ak pi gwo pwogram ranfòsman kamera nan bra estòp otobis lekòl nan Sid Eta Florid la. Tout 1,000 otobis lekòl yo ekipe ak kamera ki fèt pou pwoteje elèv yo nan pran foto chofè ki pase ilegalman yon otobis lekòl ki kanpe.

 

Jodi a make fen yon peryòd sansibilizasyon ki te dire 30 jou kote yo te voye apeprè 10,000 lèt pou avèti chofè ki te an vyolasyon lè yo te pase yon otobis lekòl ki te kanpe. Kounye a, nenpòt chofè ki kondui pase yon otobis lekòl M-DCPS ki kanpe ap resevwa pa lapòs yon kontravansyon ki ap koute $200 dola.

 

Luis E. Diaz, ki se Direktè Operasyon M -DCPS la di, “Objektif kanpay sa a se pou asire tout chofè yo konprann enpòtans pou respekte lalwa, paske li enpòtan anpil pou yo fè sa pou sekirite elèv nou yo.”

 

Konpayi ‘BusPatrol’ te enstale kamera ak teknoloji ‘AI’ (Entèlijans Atifisyèl) ki vo apeprè $10 milyon dola nan 1,000 otobis lekòl distri a. Kamera sa yo, ki enstale sou bra estòp otobis lekòl yo, ap fonksyone otomatikman lè siy la deplwaye epi otobis la kanpe nèt. Aparèy sa yo detekte mouvman sou bò goch otobis la epi pran foto plak nenpòt machin ki pase ilegalman. Kamera yo ka fè foto e li plak machin nan yon distans jiska uit liy trafik.

 

Steve Randazzo, Ofisyè Anchèf pou Devlopman konpayi BusPatrol America, eksplike kijan tout otobis lekòl M-DCPS yo ekipe ak teknoloji ‘AI’ (Entèlijans Atifisyèl).

 

Mesye Randazzo di, " Wòl sistèm Entèlijans Atifisyèl nou an, nou rele 'Ava,' a, sa li fè se lè bra estòp otobis lekòl la deplwaye soti deyò epi limyè wouj la kòmanse flache, se lè sa a ‘Ava’ kapab otomatikman detekte nenpòt chofè ki depase otobis lekòl la ilegalman. Li voye evidans montaj videyo sa a bay depatman polis pou revizyon.’’

 

Anplis, yo mete kamera anndan otobis yo tou pou pwoteje elèv ak chofè otobis yo kont ensidan ki rive anndan otobis la.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/089/HD/RD/CM/SD

Follow us