Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/18/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Resevwa yon Don $8.8 Milyon nan Men EPA pou Pwogram Otobis Elektrik Li a

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa yon don $8.8 milyon pou pwogram ‘Clean School Bus’ li a nan men “Environmental Protection Agency (EPA)” (Ajans Pwoteksyon Anviwònman) an, ki pral pèmèt distri a ajoute 25 otobis elektrik sou flòt li gen kounye a. Sa pral fè Distri a gen yon total 125 otobis elektrik sou wout la anvan 2026.

 

Anplis ranplasman apeprè 25 otobis dizèl avèk sa ki elektrik, don sa a ap kouvri estasyon chajman yo, ansanm ak fòmasyon pou mekanisyen ki pral responsab otobis yo. Fòmasyon an ap fèt atravè ‘Bluebird Technician Academy’.

 

Kòm echanj pou finansman sa a, M-DCPS ap bay EPA apeprè 25 otobis dizèl. Kantite otobis dizèl M-DCPS remèt yo pral depann de kantite nouvo otobis elektrik EPA finanse. Nou atann pou otobis sa yo disponib an 2026.

 

Nan mwa janvye ki sot pase a, pwogram don "Clean School Bus” (Otobis Lekòl Ekolojik) la te bay M-DCPS $19.7 milyon pou acha 50 otobis elektrik.

 

M-DCPS te entwodui 35 otobis elektrik nan ane lekòl ki sot pase a, e nou pwograme pou nou mete 15 lòt sou wout la anvan ane pwochèn gras ak fon ‘Florida Volkswagen Mitigation Settlement Trust’. Lè Distri a ajoute 25 lòt otobis atravè Pwogram Otobis Lekòl Ekolojik la sa ap pèmèt li genyen 125 otobis elektrik sou wout la anvan 2026.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/100/AR/CM/RD

Follow us