Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/20/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve Konpayi Achitekti ak Konstriksyon pou De (2) Pwojè GOB ki Vo $30.6 Milyon Dola

Nan reyinyon regilye li te fè madi, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade te apwouve konpayi achitekti Wolfberg Alvarez and Partners Inc., ak Konpayi Konstriksyon J.R.T. pou fini de (2) pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) ki vo apeprè $30.6 milyon dola.

 

Yo te komisyone Marine Academy of Science and Technology (MAST) at Florida International University (FIU) Senior High School Biscayne Bay Campus - Wolfberg Alvarez and Partners, Inc. kòm Achitèk/Enjenyè nan Dosye pou dezyèm Faz de (2) nouvo etaj yo pral ajoute avèk yon kapasite 350 plas pou elèv ki mezire 21,350 pye kare sou yon teren 5.3 ekta.

 

Dimansyon pwojè a gen ladan biwo administratif ak andwa pou sèvis manje, salklas jeneral, laboratwa syans jeneral, laboratwa pou devlopman ladrès, yon andwa pou edikasyon teknoloji, relokalize wout paralèl ki la kounye a, ak pakin adisyonèl. Yo pral trase plan ak konstwi yon etablisman pou satisfè youn nan sistèm evalyasyon pèfòmans bilding ekolojik ki apwouve nasyonalman.

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)”

(Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 25 pousan

Alokasyon total pou pwojè a se – $16.7 milyon                                     Li ap fini an – Out 2026

 

Seminole Elementary School – J.R.T. Construction Company te resevwa kontra pou yon pwojè renovasyon GOB nan Lekòl Elemantè Seminole. Lekòl la ki te konstwi an 1960, gen ladan 13 bilding pèmanan e li chita sou apeprè 7 ekta tè nan Miami ki lokalize nan S.W. 78th Place, e li bòne sou fwontyè nò ak West Flagler Street. Lekòl la gen yon kapasite 842 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay yo pwopoze a gen ladan yon sistèm alam dife sou tout kanpous la ak yon sistèm odyo pou evakyasyon, nouvo pòt eksteryè, fenèt, planche, plafon, ak ekleraj nan plizyè bilding. Yo pral pentire tou eksteryè lekòl la sou tout kanpous la, amelyore sistèm “Heating, Ventilation, and Air-Conditioning (HVAC)” (chofaj, vantilasyon, ak èkondisyone) ak sistèm Jesyon Ijans la, e yo pral fè renovasyon nan plizyè twalèt.

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)”

(Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 13.87 pousan

Alokasyon total pou pwojè a se - $13.8 milyon                          Li ap fini an – Avril 2026

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/101/HD/SD/CM

Follow us