Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/2/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Kontinye Ap Demontre Siksè Nan Rezilta Evalyasyon Eta yo

"The Florida Department of Education (FLDOE)" (Depatman Edikasyon Florid) te pibliye yè, rezilta administrasyon evalyasyon eta a pou prentan 2024 pou distri a ak tout eta Florid la, evalyasyon sa a ki te fèt pou mezire "Benchmarks for Excellent Student Thinking (B.E.S.T.)" (Meyè Referans Estanda Aprantisaj sou Fason Elèv Reflechi).

 

Evalyasyon sa yo gen ladan “The Florida Assessment of Student Thinking (FAST)” (Evalyasyon nan Florid sou Fason Elèv Reflechi) pou klas 3èm rive 10èm ane eskolè nan "English Language Arts (ELA)" (Lekti Redaksyon Lang Anglè) ak klas 3èm rive 8èm ane nan Matematik, ak Evalyasyon "End-of-Course (EOC)" (Fen Kou) B.E.S.T. nan Aljèb 1 ak Jewometri. Yo te pibliye tou rezilta "Statewide Science Assessment" (Evalyasyon Syans nan tout Eta a) pou klas 5èm ak 8èm ane eskolè ak rezilta Fen Kou pou 'Next Generation Sunshine State Standards (NGSSS)' nan Biyoloji 1, Sivik, ak Istwa Etazini ansanm ak nouvo nòt ‘BEST’ pou klas 4èm rive 10èm.

 

Sipèentandan Lekòl yo Dtè Jose L. Dotres di, “Daprè trajektwa rezilta satisfezan siksè nou, mwen fyè de travay ekselan elèv ak edikatè nou yo, jan evidans rezilta evalyasyon eta a montre a. Lè Depatman Edikasyon Florid pibliye lòt atik sou done yo, n ap kapab evalye pèfòmans elèv ak lekòl yo pi byen.”

 

Anba a w ap jwenn rezilta kle administrasyon evalyasyon pou prentan 2024 yo. Nou vle w remake rezilta nan nòt pou laprès sa a gen ladan tout elèv ki te teste yo, epi li pa reprezante gwoup eta a pral itilize pou jistifikasyon responsablite rezilta done yo.

 

·         Elèv M-DCPS yo te demontre pi gwo pousantaj elèv ki fè nòt konparab nan nivo klas yo oswa pi wo nan evalyasyon “FAST ELA Reading” (Lekti Redaksyon Lang Anglè FAST) la konpare ak kamarad yo nan lòt gwo distri lekòl ak nan Eta Florid nan tout nivo klas yo konbine.

o   Elèv M-DCPS yo te depase nivo elèv atravè eta a lè yo te fè nòt Nivo 3 ak pi wo nan evalyasyon “FAST ELA Reading” (Lekti Redaksyon Lang Anglè FAST) nan chak nivo klas yo.

o   Elèv M-DCPS yo te demontre yon ogmantasyon nan klas 3èm rive 5èm ane atravè tout nivo klas yo,

o   Elèv M-DCPS yo te depase kamarad yo nan 4èm ak 7èm ane konpare ak ane anvan an.

·         Elèv M-DCPS yo te demontre pi gwo pousantaj elèv ki fè nòt nan nivo klas yo oswa pi wo nan matematik ‘FAST’ la konpare ak kamarad yo nan lòt gwo distri lekòl ak eta Florid la ak nan tout nivo klas yo konbine.

o   Elèv M-DCPS yo te pèfòme pi byen pase elèv atravè eta a lè yo te fè nòt Nivo 3 ak pi wo nan evalyasyon matematik nan chak nivo.

o   Elèv M-DCPS yo te demontre yon ogmantasyon nan klas 3èm rive 5èm ane nan tout nivo klas yo.

o   Elèv M-DCPS yo depase oswa fè nòt konparab ak kamarad yo nan tout nivo klas yo konpare ak ane anvan an.

·         Elèv M-DCPS yo te depase nivo Eta a nan pousantaj elèv ki te fè nòt nan nivo klas yo oswa pi wo nan egzamen (EOC) Fen Kou ‘BEST’ la pou Aljèb 1 ak Jewometri nan Prentan 2024 la.

o   M-DCPS demontre ogmantasyon nan pousantaj elèv ki fè nòt nan Nivo 3 ak pi wo nan ‘EOC’ Aljèb 1 ak Jewometri soti 2023 rive 2024.

·         Nan syans, yon pi gwo pousantaj elèv M-DCPS nan klas 5èm, 8èm ane ak biyoloji te fè nòt nan nivo 3 ak pi wo nan 2024 konpare ak ane anvan an.

o   Pwogrè elèv M-DCPS yo te fè nan syans soti 2023 rive 2024 te depase mwayèn eta a, ak ogmantasyon remakab nan pousantaj pou klas 5èm ak 8èm ane, ak yon ogmantasyon enpòtan nan ‘EOC’ nan biyoloji.

o   Nan biyoloji, elèv M-DCPS yo depase kamarad yo nan eta Florid la nan pousantaj elèv ki fè nòt nan nivo 3 ak pi wo.

o   Nan klas Syans nan 5èm ane eskolè, elèv M-DCPS yo fè nòt konparab ak kamarad yo nan eta a nan pousantaj elèv ki fè nòt nan nivo 3 ak pi wo.

·         Elèv M-DCPS te depase mwayèn Eta a nan evalyasyon syans sosyal, ak 70 pousan ki te fè nòt Nivo 3 oswa pi wo nan egzamen Fen Kou Sivik ak egzamen Istwa Etazini.

o   Te gen amelyorasyon nan pousantaj elèv M-DCPS ki te fè nòt nan nivo 3-5 nan egzamen EOC Fen Kou Sivik ak Istwa Etazini an, ki demontre yon ogmantasyon konpare avèk ane anvan an.

 

Rapò rezime konplè Distri, eta ak lekòl yo disponib sou sit entènèt “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) epi yo pral disponib tou sou sit entènèt “Assessment, Research, and Data Analysis” (Evalyasyon, Rechèch, ak Analiz Done) nan https://arda.dadeschools.net/ .

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @Miamischools e @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/002/HD/RD/SD

Follow us