Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/23/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Resevwa Prim Ekselans nan Rapò Finansye

“The Government Finance Officers Association (GFOA)” (Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènmantal) bay Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Prim “Certificate of Achievement for Excellence in Financial Reporting” (Sètifika Akonplisman Ekselans nan Rapò Finansye) pou bonjan kalite Rapò li pou “Annual Comprehensive Financial Report)” (Rapò Anyèl Detaye sou Finans) pou ane fiskal la ki fini 30 jen 2023. Se yon panèl komite enpasyal ki revize rapò a, e jwenn li satisfè estanda kalite siperyè nan pwogram nan epi demontre yon "spirit of full disclosure" (yon lespri transparans total) konstriktif pou kominike klèman istwa finansye li.

Sètifika Ekselans nan Rapò Finansye a se pi gwo onè nan domèn rekonesans nan kontablite ak rapò finansye gouvènmantal, e resevwa prim sa a reprezante yon akonplisman ekstrawòdinè pou yon administrasyon ak dirijan li yo. Sa fè 39èm ane konsekitif depi Distri a ap resevwa prim prestijye sa a.

Anplis Sètifika Ekselans lan, Biwo Kontwolè Finans la te resevwa prim GFOA a pou “Financial Reporting Achievement” (Akonplisman nan Rapò Finansye), yo prezante bay inite depatmantal ki kontribye nan ede yon òganizasyon resevwa Sètifika a.

GFOA se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi, ki sèvi apeprè 21,000 pwofesyonèl nan finans leta atravè peyi Etazini ak Canda.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @Miamischools e @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/004/HD/SD/CM

Follow us