Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/30/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

NAF te Onore Akademi Karyè ak Tenik M-DCPS Yo


Distri nou an te reprezante avèk pwofesè, administratè lekòl ak distri ki devwe, ak manm enpòtan nan konsèy konsiltatif nou yo ki soti nan biznis ak edikasyon siperyè. Anpil nan manm ekip sa yo te monte pale sou podyòm nan kòm oratè, pou te pataje ekspètiz yo ak enspire lòt moun.

 

NAF, yo te konnen sou ansyen non “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Nasyonal Akademi), te rekonèt edikatè ak akademi karyè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou efò eksepsyonèl yo nan prepare elèv yo pou karyè pou avni yo nan konferans anyèl li a nan Orlando ete sa a.

 

Konferans aprantisaj pwofesyonèl anyèl sa a te reyini lidè nan edikasyon, biznis, ak kominote a pou pataje konesans yo, pi bon pratik, ak inovasyon nan rezo NAF la. Plizyè edikatè M-DCPS ak manm konsèy konsiltatif yo te dirije sesyon yo pandan tout evènman an.

 

Yo te ajoute twa lekòl M-DCPS nan kategori Akademi Distenge NAF la, sa ki fè total distri a rive 45, plis pase nenpòt lòt sistèm lekòl nan peyi a. Lekòl yo se Miami Norland Senior High Academy of Hospitality & Tourism, Miami Southridge Senior High Academy of Information Technology, ak Ar Kilinè nan North Miami Senior High Academy.

 

Anplis, yo te entwodui twa nouvo akademi ki te antre nan NAF. Lekòl sa yo se Homestead Senior High Academy of Finance, Miami Central Senior High Academy of Hospitality & Tourism, ak Southwest Miami Senior High Academy of Health Sciences. Akademi sa yo se prèv efò kontinyèl Distri a ap fè pou bay elèv yo pi bon chwa pou fòmasyon ak resous yo.

 

Edikatè Robert Quinn te resevwa “2024 Janet Linton Leadership Award’’ (Prim Lidè Janet Linton 2024) pou plis pase 35 ane kontribisyon eksepsyonèl ak akonplisman kòm yon edikatè. Konferans la mete aksan sou pouvwa kolaborasyon ak inovasyon nan edikasyon.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @Miamischools e @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/09/AR/SD/RD

Follow us