Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/25/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Plis Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County pral Resevwa Aparèy ki Konekte ak Entènèt nan men 'Verizon Innovative Learning' Pandan Lansman Pwogram nan

An patenarya avèk 'Digital Promise’, ‘Verizon Innovative Learning' akeyi senk nouvo lekòl leta Miami-Dade pou ane lekòl 2024-2025 la.

 

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral selebre patenarya li ki ap elaji avèk 'Verizon Innovative Learning' nan yon evènman yo pral lanse samdi 28 septanm, kòmanse 10è nan maten pou 2è nan aprèmidi nan Horace Mann Middle kote elèv yo pral resevwa pwòp aparèy yo. Lekòl la lokalize nan 8950 N.W. 2nd Avenue, Miami, FL 33150.

 

Horace Mann, Henry H. Filer, Kinloch Park, Miami Springs, ak Palm Springs middle schools pami 34 lekòl ki antre nan 'Verizon Innovative Learning Schools' pou ane lekòl 2024-2025 la, ki pèmèt enpak pwogram nan rive nan yon total 626 lekòl nan tout peyi a. Yo pral distribye nan lekòl Miami-Dade County yo yon total 2,992 aparèy ki ap tou gen plan done kòm yon pati nan pwogram nan. Valè envestisman 'Verizon Innovative Learning' gen sou mache a evalye an mwayèn a plis pase $2.3 milyon pou chak lekòl. Senk lekòl sa yo vin ajoute sou 15 lòt lekòl Miami-Dade County ki deja nan pwogram nan.

 

Pwogram 'Verizon Innovative Learning Schools' – Inisyativ edikasyon Verizon nan ki ranpòte prim dèske li adrese baryè ki genyen nan kesyon enklizyon dijital, e li ede mete ekite dijital nan edikasyon pou yon pati nan popilasyon ki pi vilnerab atravè peyi a – fè patenarya avèk 'Digital Promise' epi li travay ansanm ak lekòl e distri yo pou ofri elèv yo aparèy ki konekte sou Entènèt epi amelyore fason pwofesè yo sèvi ak teknoloji nan salklas.

 

Olema Herrera, ki se sipèvizè distri pou ansèyman teknoloji nan M-DCPS di, “Patenarya ant 'Digital Promise’, ‘Verizon Innovative Learning', ansanm ak Lekòl Leta Miami-Dade County a ouvri pòt pou anpil nan edikatè, fanmi, ak elèv nou yo.... Li pa sèlman yon inisyativ men li se yon opòtinite ki chanje fason ansèyman ak aprantisaj fèt; li chanje trajektwa chemen edikasyonèl elèv yo.”

 

Anplis aksè ki disponib pou chak elèv ak pwofesè, 'Verizon Innovative Learning Schools' tou ekipe chak lekòl avèk yon fòmatè nan kesyon teknoloji epi li ba yo yon sipò aprantisaj pwofesyonèl solid pou pwofesè yo ka entegre teknoloji nan salklas la yon fason ki efikas. Pwofesè ki nan pwogram nan di inisyativ la pèmèt plis enstriksyon endividyèl, li ede yo eksplore nouvo fason pou yo anseye, epi li amelyore angajman elèv yo.

 

Courtney Barnard, administratris zafè leta ak gouvènman lokal Verizon di, “Anons jodi a ranfòse angajman Verizon pou li redui eka divizyon dijital la nan Miami... Nou fyè pou nou envesti nan kominote a epi ede elèv ak pwofesè yo pwospere avèk aksè pou yo jwenn fòmasyon ak aparèy gratis."

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Pou dènye enfòmasyon yo, tanpri telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone ak Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, a sou Facebook nanMiamiSchools.


# # #

24-VSP/035/HD/SD/CM

Follow us