Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/25/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Ap Òganize 12èm Selebrasyon Evènman Anyèl Jounen "Fathers in Education" (Papa Nan Edikasyon)


Nan Foto a: Papa ak Moun ki Jwe Wòl Papa ki ap Patisipe nan Lansman Evènman Semèn Papa nan Edikasyon nan Pinecrest Elementary School

 

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon dejene selebrasyon yè, nan Pinecrest Elementary, pou 12èm anivèsè Jounen Papa Edikasyon. Nan evènman, Dads and Doughnuts, la ofisyèl distri a, plizyè manm Komisyon Konsèy la, elèv ak pwofesè te rekonèt gwo wòl anpil papa jwe nan siksè akademik pitit yo.

 

Sipèentandan Lekòl yo, Doktè Jose L. Dotres di, "Patisipasyon papa yo ankouraje devlopman konfyans epi yo patisipe nan bon jan edikasyon elèv nou yo... Nou se yon gwo patnè nan mouvman san parèy sa a e chak ane li kontinye ap grandi e vin pi gwo, e nou wè plis angajman lakay papa elèv nou yo."

 

Avek yon pwoklamasyon, te onore e remèsye Shawn Thomas, responsab 'Watch D.O.G.S' "(Dads of Great Students)" (Papa Bon Elèv) nan Pinecrest Elementary pou efò li. 'Watch D.O.G.S', ki te fonde twazan de sa, se yon gwoup papa nan Pinecrest Elementary ki sèvi kòm volontè pou bay anplwaye ak pwofesè yo sipò anplis nan kenbe elèv yo an sekirite nan lè rantre ak ranvwa lekòl.

 

Gwoup papa volontè sa a asire l tou elèv yo konpòte yo avèk respè pandan repa midi, nan koulwa yo pandan egzamen yo ak nan dans lekòl la. Yo fè lekti tou pou timoun piti yo nan klas yo epi yo ede elèv ki pi gran yo ak pwojè syans yo.

 

Thomas di, "Jou sa a trè enpòtan paske papa yo ofri yon pèspektiv diferan ... Sa se papa ki ap kominike ak papa, pou fè yo antre epi kreye orè ki toujou al tonbe anba konpreyansyon papa yo."

 

Gen rechèch ki montre lè papa yo angaje nan edikasyon pitit yo, rezilta egzamen ak nòt elèv ogmante. Elèv nan lekòl matènèl yo tou devlope pi bon nivo ladrès vèbal e ti fi yo devlope pi bon nivo konpetans nan matematik. Sepandan, lè papa yo pa patisipe, timoun yo gen de fwa plis chans pou yo double yon klas oswa pou yo abandone lekòl.

 

'Fatherhood Task Force' te fonde Jounen Papa nan Edikasyon an 2014. Pou selebre evènman sa a, jedi sa a plis pase 140 lekòl ap envite papa ak gason konseye yo pataje aktivite ak elèv yo, tankou Art with Dads, Dads and Dominos, ak Poems with Pops. Efò sa a fè pati yon kanpay ki pi laj pou ankouraje tout papa ak gason ki ap jwe wòl modèl pou yo patisipe nan eksperyans akademik elèv yo.

 

Anplis, Semèn Papa Defansè ak Papa Ann Aksyon mete aksan sou wòl enpòtan ak nesesè papa yo genyen nan enfliyanse devlopman emosyonèl ak akademik pitit yo. N ap ofri plis pase 31 atelye gratis ki gen ladan Fathers in Focus, Fathers and their Teens, Fathers be the Link ak Dads Navigating College Enrollment nan 19 lekòl elemantè, mwayen, ak lekòl segondè atravè distri a.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @Miamischools e @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/033/AR/SD/RD/CM

Follow us