Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/1/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Aplikasyon Ouvri pou Pwogram Magnet Miami-Dade yo Kòmanse 1ye Oktòb

Aplikasyon pou pwogram Magnet ki gen gwo renome nan ''Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)'' (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou ane lekòl 2025-2026 la kòmanse 1ye oktòb. Avèk yon seri tèm, pwogram dènye kri nou ajoute, ansanm ak opòtinite ki kòmanse depi nan pwogram lespas pou rive nan entèlijans atifisyèl, M-DCPS ap redefini tout sa ki posib nan edikasyon piblik.

 

Paran ki vle asire avni pitit yo ka aplike atravè Pòtal Paran M-DCPS la sèlman nan dadeschools.net jiska 15 janvye 2025. Sa aplike tou pou nouvo elèv ak sa ki deja enskri nan lekòl nou yo.

 

Sipèentandan an, Dtè. Jose L. Dotres, di: “M-DCPS pran angajman pou li ofri yon edikasyon klas mondyal ki kapab deklannche inovasyon, pasyon e ki chaje ak anbisyon... Pwogram Magnet nou yo, nou ofri gratis, pèmèt elèv yo eksplore talan san parèy yo genyen epi prepare yo pou siksè nan 21èm syèk la."

 

Pwen esansyèl pou ane lekòl 2025-2026 la:

·         M-DCPS ogmante pwogram yo soti nan senk pou rive nan 11 tèm etid, sa ki fè li vin pi fasil pou fanmi yo jwenn meyè pwogram Magnet pou pitit yo ki baze sou enterè ak aspirasyon yo ki san parèy. Fanmi yo ka vizite miamimagnets.org pou eksplore opsyon sa yo e dekouvri program ki pi byen adapte ak bezwen pitit yo. Tèm sa yo se:

·         Ar ak Milti Medya          

·         Biznis ak Finans           

·         Edikasyon ak Swen pou Timoun Anbazaj

·         Ar Vizyèl                         

·         Syans Sante

·         Enfòmatik

·         Etid Entènasyonal Avanse

·         Aprantisaj Sou Demand

·         Sèvis Piblik        

·         STEM

·         Komès ak Ensdistri      

 

·         Nouvo Pwogram: Ane sa a distri a lanse premye Magnet Biyoteknoloji Endistriyèl nan Lekòl Segondè Miami Jackson ak premye pwogram Magnet Teknoloji Otomobil pou Veyikil Elektrik nan Lekòl Segondè Carol City.

 

·         Opòtinite Adisyonèl: Nou elaji pwogram Kodaj Apple™ la nan de (2) lekòl segondè, South Miami Senior High School ak Felix Varela Senior High School. Pwogram Magnet Entèlijans Atifisyèl yo disponib kounye a nan de (2) lekòl segondè: Southwest Miami Senior High School ak Miami Edison Senior High School.

 

·         ‘Space Hub’ nan Hialeah-Miami Lakes Senior High: An patenarya avèk ‘Space Florida’, sant inovatif sa a pral ofri elèv yo opòtinite pou yo aplike pou youn nan senk akademi espasyal espesyalize sa yo: Jeni Aplike, Wobotik Aplike, Sistèm Kodaj, Sistèm Elektrik, ak Syans e Konsepsyon. 

 

Avèk 119 lekòl ak 400 pwogram ki kòmanse nan klas Matènèl rive nan 12èm ane eskolè, pwogram Magnet M-DCPS yo ofri yon chemen ki mennen nan yon avni ki pi briyan pou chak timoun.

 

Pou plis enfòmasyon, vizite miamimagnets.org oswa gade gid pou aplikasyon an sou YouTube nan: https://youtu.be/xPMXCK1eJoQ?si=86Mk4LzudQI3MsxO

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @Miamischools e @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/034/AR/SD/RD/CM

Follow us