Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/4/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Depatman Edikasyon Akòde M-DCPS $1 Milyon Dola Donasyon pou Asire Tout Elèv Jwenn Aksè Nan Edikasyon Kalite Siperyè

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te resevwa prim donasyon "Fostering Diverse Schools Demonstration" (Demonstrasyon Devlopman Divèsite nan Lekòl) ki ofri $1 milyon dola finansman pandan de (2) ane k ap vini yo nan men "U.S. Department of Education" (Depatman Edikasyon Etazini). Objektif donasyon sa a se pou asire tout elèv yo jwenn aksè ekitab nan bon jan kalite edikasyon. M-DCPS se sèl distri lekòl nan Florid ki resevwa sibvansyon sa a.

 

Avèk finansman sa a, M-DCPS pral ranfòse kapasite done li yo nan nivo lekòl yo, ki pral pèmèt distri a jwenn yon nivo konpreyansyon ki pi detaye sou bezwen elèv yo. Anplis, fon sa yo pral sipòte rechèch apwofondi sou mache pou pi byen konprann bezwen kominote a. Pandan de (2) ane k ap vini yo, distri a pral devlope yon plan konpreyansif avèk estrateji yo vize pou amelyore siksè elèv yo epi apwofondi angajman kominote a nan lekòl nou yo.

 

Se "Office of Strategic Planning & Initiatives" (Biwo Planifikasyon Estratejik ak Inisyativ) ki pral jere donasyon sa a nan kolaborasyon avèk plizyè lòt depatman e yo gen kòm objektif pou angaje patnè kominotè yo, paran, elèv, pwofesè, ansanm ak biznis nan kominote a.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/039/AR/RD/SD

Follow us