Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/8/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Tout Lekòl M-DCPS yo, Etablisman yo ap Rete Fèmen Jedi 10 Oktòb

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekol Leta Miami-Dade County) kontinye ap suiv trajektwa Siklòn Milton, e n ap travay dirèkteman avèk Sèvis Meteyolojik Nasyonal la ansanm ak Biwo Jesyon Ijans Miami-Dade la. Apre konvèsasyon li avèk ofisyèl sèvis ijans Konte a, Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres anonse tout Lekòl Leta Miami-Dade County yo ap rete fèmen jedi 10 oktòb.

 

Pou pèmèt piblik la jwenn enfòmasyon rapid konsènan dispozisyon M-DCPS ap pran pou fè fas ak Siklòn Milton, Distri a ap reyaktive Sant Sipò M-DCPS la, soti 8è dimaten rive 8è diswa pou ede tout moun ki gen kesyon.

 

Fanmi yo ka jwenn sipò nan divès fason:

·         Fowòm Diskisyon Andirèk M-DCPS la ki disponib sou sit entènèt Distri a oswa atravè mesaj tèks nan 1-844-908-1674.

·         Ou ka antre nan Fowòm Diskisyon Andirèk la tou atravè aplikasyon mobil Dadeschools la.

·         Fanmi yo ka pale avèk yon ajan, lè yo rele nan 305-995-HELP (4357).

 

Ajan yo ap disponib pou ede nenpòt moun ki rele.

 

Rete konekte avèk nou pou dènye enfòmasyon yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/043/HD/CM/RD

Follow us