Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/10/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Tout Lekòl M-DCPS, ak Etablisman yo Ap Re-Ouvri Vandredi 11 Oktòb

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap travay dirèkteman avèk Sèvis Meteyo Nasyonal ak Biwo Jesyon Ijans Miami-Dade pou kontwole siklòn Milton ak enpak potansyèl li sou Sid Florid la. Apre nou fin pale ak ofisyèl ijans Konte a, Sipèentandan Lekòl Dtè. Jose L. Dotres anonse tout lekòl leta ak etablisman Miami-Dade County yo ap re-ouvri demen vandredi 11 oktòb. Tout klas Edikasyon Adilt, pwogram swen apre lekòl, pwogram atletik ak aktivite lekòl yo ap rekòmanse tou.

 

Pou bay aksè fasil sou enfòmasyon konsènan repons M-DCPS pou Siklòn Milton, Distri a kontinye bay asistans atravè Sant Sipò M-DCPS soti 8è dimaten pou 8è diswa pou ede moun ki enterese yo ak kesyon yo genyen.

 

Fanmi yo ka jwenn enfòmasyon plizyè fason:

• Konvèsasyon Andirèk M-DCPS disponib sou paj entènèt Distri a oswa rele 1-844-908-1674.

• Ou ka jwenn aksè sou Konvèsasyon Andirèk la tou nan aplikasyon mobil Dadeschools la.

• Fanmi yo ka pale ak yon ajan tou nan rele 305-995-HELP.

 

Ajan yo alatant pou ede moun ki rele yo.

 

Rete konekte avèk nou pou dènye enfòmasyon yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.

 

# # #


# # #

24-VSP/043/HD/SD

Follow us