Depatman
Edikasyon Florid bay distri "Miami-Dade County Public School
(M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) $8,314,350 atravè Pwogram
Sibvansyon Ankourajman pou Pwomosyon Devlopman Mendèv (Workforce CAP). Nou pral
itilize finansman sa a pou kreye ak elaji pwogram inovatif K-12 ak pwogram
devlopman mendèv anwolman doub apre lekòl segondè atravè distri a, pou bay elèv
yo eksperyans edikasyonèl pratik nan domèn ki gen anpil demand.
Sipèentandan
Lekòl yo Doktè Jose L. Dotres deklare, “Envestisman enpòtan sa a nan avni elèv
nou yo se yon temwayaj angajman nou pran pou ba yo zouti ak resous yo bezwen
pou yo reyisi nan mendèv 21èm syèk la... Nou kontan anpil pou nou anonse apeprè
$3 milyon nan sibvansyon sa a pral dedye pou etabli ‘Mega-Magnet SpaceHUB’ ki
pral konsantre sou Syans Ayewospasyal an patenarya avèk Pwogram Akademi Espasyal
Florid la.”
SpaceHUB la
pral yon anviwònman aprantisaj dènye kri kote elèv yo ka eksplore mond
enteresan ayewospasyal la, e resevwa bonjan ladrès ak konesans nan domèn
tankou:
·
Syans
Ayewospasyal Avanse
·
Jeni
Ayewospasyal Aplike
·
Wobotik
Ayewospasyal Aplike
·
Syans Enfòmatik
Ayewospasyal
·
Sistèm
Elektwonik Ayewospasyal
Anplis SpaceHUB
la, sibvansyon Mendèv CAP la pral sipòte tou amelyorasyon ak agrandisman lòt
pwogram K-12 Karyè ak Edikasyon Teknik M-DCPS, tankou :
·
Entelijans
Atifisyèl
·
Jesyon Konstriksyon
Bilding
·
Teknoloji
Agrikòl
·
Antreprenarya -
Jesyon ak Analiz Biznis
Elèv yo ap
resevwa nan pwogram sa yo sètifika ak kalifikasyon endistri yo rekonèt, ki pral
prepare yo pou karyè ki mande gwo ladrès e ki ofri gwo salè nan sektè k ap
grandi nan ekonomi Florid la. M-DCPS se twazyèm pi gwo distri lekòl Ozetazini,
k ap sèvi plis pase 330,000 elèv. M-DCPS pran angajman pou l ofri yon edikasyon
klas mondyal pou chak elèv, pou asire yo prepare pou kolèj ak karyè.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou
Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30
dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy
iPhone oubyen Android ou.
Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
050