Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/30/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Fè Evènman Seremoni Lansman Konstriksyon nan John I. Smith K-8 Center


Nan mitan foto a: Manm Komisyon Konsèy Lekòl Danny Espino, Direktris John I. Smith K-8 Center, Irledia Martinez ak Ofisye Anchèf Planifikasyon/Konstriksyon Raul F. Perez, ki rankontre ansanm ak ofisyèl vil, konte, rejyon ansanm ak elèv yo pou yon seremoni lansman konstriksyon.

Yon seremoni te fèt yè maten an nan John I. Smith K-8 Center pou senbolikman kòmanse yon pwojè $5.7 milyon pou ajoute yon nouvo bilding e pou fè renovasyon nan lekòl la.

 

Depite Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Dtè. Michael Lewis, manm Komisyon Konsèy Lekòl Danny Espino, Direktris John I. Smith K-8 Irledia Martinez, Majistra Doral Christi Fraga, ofisyèl Miami-Dade County, reprezantan Distri a, anplwaye lekòl la, ak elèv yo te rasanble nan lekòl Doral la pou evènman an.

 

Se M.A.C. Construction, Inc. ki te resevwa kontra konstriksyon pou pwojè a. Lè pwojè a fini lekòl la pral gen yon nouvo bilding ki ekipe ak laboratwa pou kou ar, klas òkès ak òdinatè, yon nouvo espas pou kafeterya.

 

Kanpous la ki te konstwi nan Doral an 1995, gen ladan uit bilding sou yon pòsyon 10-ekta tè. Lekòl la gen 1,242 plas pou elèv ki pral ogmante a 1,347 plas pou elèv lè pwojè a fini.

 

Pwojè bon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo te bay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya dola a an 2012. Nou ap itilize lajan ki soti nan bon an pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/049/HD/SD/MC

Follow us