Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/30/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Devwale yon Espas Inovasyon nan Brownsville Middle School


Elèv Lekòl Brownsville Middle School ap teste kas reyalite vityèl nan espas inovasyon an

 

“Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) te òganize yon evènman koupe riban pou yon espas inovasyon yo re-amenaje, ki rich ak teknoloji nan sant medya lekòl Brownsville Middle School. Nouvo espas la gen ladan kas reyalite vityèl, zòn “Makerspace” (yon espas pou elèv pataje ide, ekipman, ak konesans yo), gwo syèj wo, nouvo mèb yo mete nan yon zòn ki louvri kote elèv yo ka angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup pou sèvi avèk nouvo teknoloji yo.

 

Pwojè $2 milyon dola a te finanse grasa yon patenarya ant M-DCPS, Fondasyon Faz Eliminatwa Foutbòl Kolèj la ansanm ak Komite Planifikasyon Faz Eliminatwa Chanpyona Nasyonal Foutbòl Kolèj 2026 la.

 

Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres deklare, “Espas inovasyon sa yo pèmèt lekòl nou yo vin pi konpetitif ak lòt lekòl nan epòk sa a kote n ap asire nou ofri elèv nou yo pi bon eksperyans aprantisaj.”

 

15 kas reyalite vityèl espas inovasyon an resevwa yo fèt pou siplemante kourikoulòm matematik ak syans elèv yo. Re-amenajman an gen ladan tou laptòp elèv yo pral kapab prete e itilize nan sant la.

 

Ariana Diaz, ki nan klas 8èm ane nan Brownsville Middle di, "Mwen santi m kontan anpil e mwen rejwi pou espas inovasyon an. "Li fè w santi vin gen plis plas toujou ak plis lòt pwogram enteresan pou elèv yo amize yo".

 

Espas inovasyon Brownsville Middle la fè pati yon inisyativ Espas Inovasyon, ki modènize espas yo avèk koulè briyan, nouvo mèb konfòtab, nouvo ekipman "virtual reality (VR)" (reyalite vityèl), tablo entèraktif, yon seksyon wobotik e jeneralman plis pase yon douzèn estasyon òdinatè.

 

Nan de (2) pwochen ane yo, patnè yo pral re-amenaje yon total 18 espas inovasyon nan lekòl mwayen M-DCPS pou satisfè bezwen endividyèl nan domèn sosyal, emosyonèl ak akademik pwofesè ak elèv yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Tanpri telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/053/AR/SD/CM

Follow us