Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/22/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Fè yon Seremoni Lansman Konstriksyon nan J.C. Bermudez Senior High School


Nan mitan foto a: Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Danny Espino ak Direktè Lekòl J.C. Bermudez Doral Edward R. Smith rankontre ak ofisyèl rejyon yo ansanm ak elèv pou seremoni lansman konstriksyon an.

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon seremoni yè maten nan J.C. Bermudez Senior High School pou selebre kòmansman yon pwojè renovasyon $36.2 milyon ki pral gen ladan ajoute yon nouvo bilding ansanm ak lòt amelyorasyon.

 

Sipèentandan Lekòl yo Jose L. Dotres, Ofisye Anchèf Etablisman yo ak Ofisye Planifikasyon Konstriksyon yo Raul F. Perez, manm Komisyon Konsèy Lekòl la Danny Espino, Direktè J.C. Bermudez Doral Edward R. Smith, anplwaye ak elèv lekòl yo te rasanble nan lekòl Doral la pou evènman an.

 

Doktè Dotres di, “Sa ki enpòtan pou mwen sèke sa ale pi lwen pase ansèyman ak aprantisaj. Nou pral gen yon jimnazyòm, yon 'black box theater' (sal teyat pou debitan) pou elèv jwe pyès teyat ak pèfòmans dramatik, yon estidyo dans ak yon chanm pou miskilasyon... Pafwa nou bliye si elèv yo bezwen aktivite, yo bezwen aktivite atletik pou yo vrèman briye, e mwen konnen lekòl segondè sa a gen tout eleman nou bezwen pou elèv yo ka fè bonjan eksperyans.”

 

Se Konpayi Konstriksyon James B. Pirtle ki te resevwa resamman yon kontra konstriksyon pou pwojè "General Obligation Bond (GOB)" (Bon Obligasyon Jeneral) la ki ap fini nan mwa jen 2026.

 

Dimansyon travay la gen ladan yon nouvo bilding twa etaj ki ap mezire 85,000 mil pye kare, e ki pral gen an total 617 nouvo plas pou elèv, yon jimnazyòm ki ap gen 2,000 mil plas, yon 'Little Theater/Black Box' (Sal Teyat pou Debitan), yon estidyo dans akwobatik ak yon sal pou divès fonksyon. Anplis, ap genyen tou kat laboratwa teknik pwofesyonèl/komèsyal, 12 salklas jeneral ak kat salklas syans.

 

Yo pral fè renovasyon nan Bilding 2 ki la kounye a, tankou modènize kwizin nan, yon espas pou manje ki kouvri, yon chanm pou miskilasyon ak yon chanm pou pratike lit. Anplis, pral gen nouvo pasaj pyeton ki kouvri.

 

A.J. Rodriguez di, "Sa fè lontan n ap tann travay sa a. Malerezman, mwen p ap ka wè rezilta a men mwen byen kontan mwen patisipe nan evènman istorik sa a... Mwen nan dezyèm klas ki ap gradye ane sa a donk mwen kontan la jodi a."

 

Pwojè bon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/092/AR/SD/CM

Follow us