Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/21/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Direktè Lekòl Mwayen M-DCPS Ranpòte Viktwa Prim Lidèchip Direktè 'TaxWatch' 2024-25 nan Florid

Mesye Walter C. Hall ki se Direktè Lekòl Leisure City K-8 Center nan "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), te resevwa "Principal Leadership Award (PLA)" (Prim Lidèchip Direktè) nan men ‘TaxWatch Florida’, prim sa a rekonèt li kòm youn nan 15 direktè ki gen plis siksè nan lekòl leta soti Jadendanfan rive12èm ane ki gen gwo risk yo.

 

Mesye Hall di, "Sa vle di desizyon mwen te pran yo te bon pou timoun yo... Lè yon bagay konsa rive, ou vin gen konfidans w ap pran bon desizyon nan pi bon enterè timoun yo e se sa ki pi enpòtan."

 

Pwogram ‘PLA’ a, ki te etabli an 2013, rekonèt lidè edikasyon k ap kreye chanjman enpòtan nan lavi elèv yo, pandan y ap ankouraje pratik ki inikman efikas yo pami kamarad yo. Florida 'TaxWatch' itilize done konplè pou detèmine direktè ki pi efikas nan eta a, epi rekonpanse yo pou enpak yo genyen nan lekòl ak kominote yo. Ane sa a, genyen senk ganyan ki merite prim sa nan chak lekòl primè, mwayen ak segondè atravè eta a.

 

Anplis, chak direktè ka chwazi yon elèv ki merite pou yon Bousdetid 'Academic A+ Challenge Match’ Fondasyon Florida Prepaid patwone. Hall te chwazi King Carter, yon elèv klas 8èm ane nan Leisure City K-8 Center, kòm kandida li pou bousdetid la. Li di Carter patisipe nan gouvènman elèv, li se yon anbasadè Dolphin pou lekòl la, e li se yon elèv eksepsyonèl an jeneral ak yon modèl pou kamarad li yo.

 

 Yo pral onore ganyan prim yo endividyèlman nan seremoni ki pral fèt nan kanpous lekòl yo apati semèn pwochèn.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.

Attachments:

# # #

25-VSP/111/AR/SD/RD

Follow us