"The Summer Youth Internship Program (SYIP)"
(Pwogram Estaj pou Jèn Pandan Ete a), ki konekte elèv lekòl segondè yo ak
plizyè santèn anplwayè pou yo ka jwenn eksperyans travay, te lanse 10èm edisyon
pwogram nan lendi a. Nan evènman an te genyen nouvo patnè ki gen potansyèl pou pèmèt
elèv fè estaj avèk yo alavni epi nou te ankouraje yo rantre nan pwogram nan. Patisipan
yo te tande dirèkteman tou kèk ansyen elèv estajyè yo sou fason yo te benefisye
de eksperyans la ak sa yo te aprann yo.
Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres di,
"Pwogram 'SYIP' a ap prezante yon bèl tablo sou ansyen elèv nou yo nan
kominote a... Li rasanble nou tout ansanm pou asire elèv yo pa sèlman ap aprann
nan lekòl, men tou lokalman nan kominote yo ak nan endistri lokal yo. Lè nou fè
koneksyon sa yo, nou kreye yon anviwònman aprantisaj ki enteresan anpil."
Pandan 10 dènye ane yo, 'SYIP' ofri elèv M-DCPS opòtinite
pou yo enskri nan yon eksperyans travay peye ki dire senk semèn pandan ete a
nan yon varyete domèn. Anplwayè k ap patisipe yo benefisye de sèvis elèv yo san
li pa koute yo anyen. Jiskaprezan, anviwon 800 anplwayè gen tan enskri pou jwenn
chans pou anboche etidyan estajyè yo e yo prevwa gen anviwon 3,000 etidyan ki pral
patisipe nan pwogram nan pandan ete sa a.
Majistra Miami-Dade County, Daniella Levine Cava di,
"Pwogram nan pa sèlman bon pou elèv yo, li bon pou òganizasyon yo tou...
Nan gouvènman konte nou an, jèn yo pote anpil enèji ak antouzyasm, epi tout
anplwaye nou yo vle bay konsèy e ede yo. Se yon eksperyans ki anrichisan anpil
pou nou."
M-DCPS ap fè patenarya avèk The Children's Trust,
Miami-Dade County, Career Source South Florida, EdFed – Educational Federal
Credit Union ak Foundation for New Education Initiatives pou ofri estaj, ki
disponib pou elèv depi klas 10èm rive 12èm ane eskolè ki ranpli pwosesis
aplikasyon an anvan dat 9 me. Tout nouvo anplwayè yo ak tout ansyen yo dwe
enskri sou miamiinterns.org. Antrepriz
yo ka anboche jiska 10 estajyè pandan dire pwogram nan.
Prezidan ak Direktè
Jeneral Children's Trust la, James R. Haj, fè n konnen, nan konvèsasyon li avèk
diferan sektè pandan kèk ane ki sot pase yo, kit se nan domèn swen sante oubyen
nan finans, patwon yo toujou souliye difikilte yo genyen paske yo pa ka jwenn
talan ki kalifye.
Mesye Haj di, "Avèk pwogram 'SYIP' a, nou kreye yon
rezo pou ede devlope talan pandan endistri yo ap grandi epi tou nou kapab
evolye... Anplwayè yo gen opòtinite pou yo chwazi pami talan lokal yo, talan
nou genyen nan Lekòl Leta Miami-Dade County yo epi yo vrèman pare pou devlope
mendèv pou demen an.
Yo plase elèv yo nan divès biwo atravè Konte Miami Dade,
biwo veterinè, restoran, konpayi ki fè travay jeni, sant gadri, biwo avoka ak
anpil lòt kote ki vrèman enteresan. Bay elèv opòtinite pou eksplore fiti karyè
yo pandan y ap touche yon salè e resevwa kredi lekòl segondè se yon lòt bon
egzanp sou rezon ki fè M-DCPS se pi bon chwa ou.
Ernesto Korin, yon elèv twazyèm ane segondè nan Miami
Coral Park Senior High School, te fè estaj nan konpayi 'Earth Robotics' ete
pase a epi li te gen opòtinite pou travay ak pwogram òdinatè sofistike dènye
kri nan nivo endistri nan katye jeneral konpayi an.
Korin di, "Mwen te resevwa konsèy ak sijesyon nan
men pwofesyonèl ki nan endistri yo sou pwojè ki baze sou syans enfòmatik, sou
fason yo pran eleman oubyen teknoloji ki pi piti epi fè yo fonksyone kòm yon
sistèm... Ou ka pasyone jan w vle, men toutan w pako fè yon eksperyans pratik,
ou pa gen okenn ide de reyalite a. Se yon eksperyans ki san parèy."
Nan ete ane pase, te gen 3,187 elèv ki soti nan 93 lekòl
ki te patisipe nan estaj yo avèk 974 anplwayè. M-DCPS ak patnè li yo te envesti
$6.25 milyon nan pwogram nan. Tout elèv ki te enskri nan SYIP yo resevwa kredi
pou lekòl segondè epi yo ka elijib pou resevwa kredi pou kolèj atravè pwogram
anwolman doub avèk Miami-Dade College.
Pou plis enfòmasyon konsènan ‘SYIP’, tanpri rele 305
693-3005 oubyen vizite miamiinterns.org.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou
Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30
dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/119/AR/RD/CM