Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/10/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Fè Seremoni Lansman Travay nan West Lake Preparatory Academy nan Hialeah


Nan mitan foto a: Erick Laventure, Direktè Administratif M-DCPS pou Konsepsyon ak Dirabilite, ak Direktris Richelle Thomas ansanm ak ofisyèl distri yo pou seremoni lansman konstriksyon an.

 

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon seremoni lansman konstriksyon nan West Lakes Preparatory Academy pou selebre kòmansman dènye faz pwojè renovasyon $34.5 milyon ki pral gen ladan renovasyon plizyè bilding ansanm ak lòt amelyorasyon.

 

Richelle Thomas, Direktris Lekòl West Lakes Preparatory Academy di "Elèv nou yo enpasyan anpil pou pwojè sa a... Li pral bay pi gran elèv lekòl mwayen nou yo yon vrè eksperyans lekòl mwayen avèk pwòp kafeterya pa yo. Kounye a yo pa gen pwòp espas pa yo, yo oblije pataje espas la avèk timoun piti yo.

 

Se konpayi D Stephenson Construction, Inc. ki te resevwa kontra pou pwojè konstriksyon sa a ki vo $22.4 milyon, ki gen ladan remodle youn nan bilding lekòl la pou ajoute 12 salklas lekòl mwayen ak laboratwa ak nouvo vèni, planche, plafon, ak nouvo ekleraj limyè 'LED' yo.

 

Direktris Thomas di, pwojè a pral bay elèv lekòl mwayen yo pwòp bilding pa yo ak pwòp salklas yo, laboratwa syans ak kafeterya ki separe ak pa elèv ki pi piti yo.

 

Valentina Morales, yon elèv nan klas 8èm ane, di: "Mwen kontan anpil pou pwochen elèv 'Panthers' yo ki pral fè bèl eksperyans aprantisaj nan yon anviwònman ki dinamik e pozitif nan nouvo bilding sa a... Mwen pa ka tann pou m wè transfòmasyon ki pral fèt isit la nan West Lakes Preparatory Academy."

 

Yo pral remodle yon lòt bilding tou, e l ap gen ladan yon nouvo kuizin, kote pou moun manje, ak yon espas pou sèvis. Yo pral ajoute tou yon nouvo sèn avèk yon sistèm ekleraj ak son pou kafeterya a ansanm ak nouvo sistèm kominikasyon mesaj nan tout kanpous lekòl.

 

Anplis, yo pral renove vestiyè pou edikasyon fizik yo avèk nouvo sistèm ekleraj LED, plafon, ak enstalasyon plonbri. Yo pral refè e repentire teren baskètbòl pou lekòl primè a.

 

Pwojè a ap fini apeprè ann out 2026.

 

Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/116/AR/RD/CM

Follow us