Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/11/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Devwale Yon Espas Inovasyon nan Georgia Jones-Ayers Middle School


Nan foto a degoch adwat: Reprezantan ki soti nan "College Football Playoff Foundation" (Fondasyon Faz Eliminatwa Foutbòl Kolèj), elèv Georgia Ayers-Jones Middle School, Direktris Georgia Ayers-Jones Middle School Doktè Carol Sampson, Ofisye Anchèf Akademik Lourdes Diaz akonpaye ak anplwaye Distri a ak lekòl la pou devwale nouvo Espas Inovatif lekòl la.

 

Jedi pase, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon evènman koupe riban pou devwale yon espas inovasyon yo re-amenaje, ki rich ak teknoloji nan sant medya Georgia Jones Ayers Middle School. Nouvo espas la gen ladan kask "virtual reality (VR)" (reyalite vityèl), nouvo teknoloji, yon zòn 'Makerspace' (yon espas pou elèv pataje lide, ekipman, ak konesans), avèk wobotik pou aktivite aprantisaj pratik, ansanm ak nouvo mèb yo mete nan yon espas ki ouvè kote elèv yo ka angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup.

 

Lourdes Diaz, ki se Ofisye Anchèf Akademik M-DCPS di, "Espas inovasyon sa yo vrèman amelyore eksperyans aprantisaj elèv nou yo... Yo ap fè gwo bagay konsa." Mèsi anpil ak tout patnè nou yo ki te fè li posib pou gen espas sa a."

 

Pwojè $2 milyon dola a te finanse grasa yon patenarya ant M-DCPS, "College Football Playoff Foundation" (Fondasyon Faz Eliminatwa Foutbòl Kolèj) ansanm ak "2026 College Football Playoff National Championship Game Host Committee" (Komite Planifikasyon Faz Eliminatwa Chanpyona Nasyonal Foutbòl Kolèj 2026 la).

 

Nathalie Fehrenbach, yon pwofesè syans nan lekòl la, di: "Avan sa, sant medya a te gen ansyen chèz ak kèk grenn òdinatè. Kounye a, li tounen yon espas ekstrawòdinè ki ranpli ak koulè, lajwa deviv, plen ak teknoloji... Kounye a, elèv yo gen yon espas etid konfòtab ak yon varyete fason yo ka aprann, nan sèvi avèk nouvo liv oswa kask VR yo, lòt teknoloji. Sa definitivman change reyalite a."

 


Elèv yo ap teste nouvo kask reyalite vityèl nan Espas Inovasyon lekòl Georgia Jones- Ayers Middle.

 

Jada Brown, yon elèv uityèm ane di, "Mwen etone pou wè jan li bèl. Mwen te nan lekòl sa a depi twazan men kounye a se yon bagay nouvo e ki reyèlman pi konfòtab ...Se dènye ane mwen men elèv ki ap vini yo dwe itilize espas sa a kòm yon opòtinite pou yo aprann ak grandi."

 

Nan de (2) pwochen ane yo, patnè nou yo pral re-amenaje yon total 18 espas inovasyon nan lekòl mwayen M-DCPS yo pou satisfè bezwen endividyèl pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl ak akademik.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/116/AR/SD/CM

Follow us