Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/20/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Fè Seremoni Evènman Lansman Travay nan James H. Bright/J.W. Johnson Elementary nan Hialeah


Nan foto a, soti agoch pou rive adwat: Direcktris Lekòl James H. Bright/J.W. Johnson Elementary, Madan Claudine Winsor, Sipèentandan Rejyon Nò M-DCPS, Yesenia Aponte, Dirèktè Sèvis Konsepsyon ak Konstriksyon Etablisman M-DCPS yo, Raul F. Perez, Manm Komisyon Konsèy Roberto Alonso, reprezantan Rejyon ak Distri a rasanble pou evènman lansman konstriksyon an.

 

Mèkredi dènye, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS) (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè seremoni lansman konstriksyon nan Lekòl James H. Bright/J.W. Johnson Elementary pou selebre kòmansman yon pwojè konstriksyon ki vo $15.2 milyon ki pral gen ladan divès renovasyon nan plizyè bilding ansanm ak lòt amelyorasyon.

 

Direktris Claudine Winsor di, "Lekòl James H. Bright te bati nan ane 1950 yo, donk sa se yon bon pwojè amelyorasyon pou modènize salklas yo, yon fason pou nou pa rete dèyè.... Elèv nou yo merite yon anviwònman lekòl ki dinamik, ki modèn e se yon bon bagay pou kominote a. Se rèv nou ki reyalize."

 

Sipèentandan M-DCPS pou Rejyon Nò a, Yesenia Aponte, Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Roberto Alonso, Administratè Distri, anplwaye ak elèv yo te rasanble nan lekòl la ki sitiye nan Hialeah pou evènman an.

 

Se konpayi Veitia Padron, Inc. ki te resevwa kontra konstriksyon pou pwojè a ki gen ladan renovasyon salklas ak twalèt nan twa (3) bilding, ansanm ak ranplasman kèk fenèt ak pòt e pentire deyò tout kanpous la.

 

Madan Winsor kontan pou renovasyon ki pral fèt nan biwo direksyon lekòl la, ki se andwa prensipal paran yo wè lè yo vizite lekòl la. Biwo direksyon an pral gen yon sal disponib pou kenbe liv. Anplis amelyorasyon ki pral fèt nan plafon an, nan sistèm ekleraj ak sistèm klimatizè a, biwo a pral gen yon chanm k ap sèvi kòm yon depo pou liv.

 

Ap gen tou pasaj pyeton ki kouvri, yon estasyon otobis pou depoze elèv, ak yon nouvo teren jwèt, yon abri pou aktivite espòtif ak yon sistèm alam dife. Pami lòt amelyorasyon yo pral fè ap gen reyamenajman teren atletik la e y ap rekouvri teren basketbòl yo. Pwojè a pwograme pou fini apeprè ann out 2026.

 

Jeronimo Bohorquez, yon elèv 4èm ane eskolè di, "Transfòmasyon an pral bèl... Tout elèv yo pral fè yon bon jan eksperyans aprantisaj apre yon fin amelyore salklas yo."

 

Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/123/AR/RD/CM

Follow us