Lekòl Leta Miami-Dade County te anonse Mèkredi 100 pousan lekòl ki gen "Voluntary Prekindergarten (VPK)" (Klas Matènèl Volontè) te pase evalyasyon pwogram eta a, "Assessment Classroom Scoring System (CLASS)" (Sistèm Evalyasyon Nòt nan Salklas) la, san okenn re-evalyasyon ane sa a. Yo ofri pwogram VPK nan plis pase 200 lekòl M-DCPS nan tout konte a.
"The Classroom Assessment Scoring System (CLASS)" (Sistèm Evalyasyon Nòt nan Salklas) la se yon zouti obsèvasyon obligatwa eta a itilize ki baze sou prèv pou evalye efikasite entèraksyon pwofesè-elèv ki fokalize sou Sipò Emosyonèl, Òganizasyon Salklas la, ak domèn Sipò Ansèyman. Etou, nan chak domèn pwogram, tankou VPK Title I, pwogram VPK ki peye, VPK 'Head Start', ak Enklizyon VPK, M-DCPS te ogmante nòt mwayèn li pou ane lekòl 2023-2024 la. An jeneral, kòm yon Distri e nan chak domèn pwogram, M-DCPS kontinye rete pi bon chwa w nan bon jan kalite pwogram klas matènèl.
Kalite pwogram klas matènèl yo se premye etap enpòtan nan eksperyans edikasyonèl yon timoun. Timoun ki patisipe nan bon jan kalite pwogram klas matènèl yo bay pi bon rezilta nan lekti, matematik ak ladrès sosyal paske premye ane sa yo enpòtan anpil pou devlopman sèvo, epi pwogram klas matènèl efektivman estimile kwasans mantal e li prepare timoun yo pou jadendanfan. Pwogram sa yo prepare baz yo pou siksè akademik nan lavni.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/125/HD/SD/MC