Nan
foto a, soti agoch pou rive adwat: Asistan Direktè Lindsey Hopkins Technical
College Armando Sosa, Lyezon Andeyo Lokasyon an Tamika Adams, Direktris Chantal
G. Osborne, Asistan Direktè Zulay Lezcano, ak Asistan Direktè Jean Claude
Saint-Phard ki ap selebre anons Osborne kòm yon finalis pou Meyè Direktè Florid
pou Ane 2025 la.
Yo te nonmen Chantal G.
Osborne, Direktris Kolèj Teknik Lindsey Hopkins nan "Miami-Dade County
Public Schools’ (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County), kòm youn nan twa
finalis pou prim Meyè Direktè pou Ane 2025 nan Florid.
Rene Mantilla, Asistan
Sipèentandan Biwo Edikasyon apre Lekòl Segondè ak Edikasyon Teknik di,
"Madan Osborne se san dout yon vrè lidè, yon lidè pasyone... Li reprezante
siyifikasyon kolèj apre lekòl segondè, pou angaje kominote a, sektè prive a. Li
se yon lidè ektrawòdinè e vrèman yon temwayaj nan sa nou pwodwi isit la nan
M-DCPS, ki se pi bon chwa ou."
Ane pase a, Osborne te
ranpòte pi gwo onè kòm Meyè Direktè M-DCPS pou Ane a. Pandan 29 dènye ane yo,
li te yon edikatris nan Distri a, li te kòmanse kòm yon pwofesè pandan 18 ane
anvan li te vin asistan direktris epi answit direktris. Osborne te di moman ki
pi memorab nan karyè li se lè li chita sou yon podyòm pandan seremoni
gradyasyon epi li ap gade elèv yo ki ap rejwi nan okazyon an.
Osborne di: “Mwen rekonesan
anpil, e se yon imilite pou mwen dèske yo rekonèt mwen pou onè estrawòdinè sa
a... Mwen pa t ap ka la san èd pwofesè, anplwaye, ak elèv mwen yo. Se yon jwa
ekstrèm pou m montre tout òf apre lekòl segondè genyen pou ofri tout kominote
nou an nan Miami-Dade.”
Prim Akonplisman Direktè pou
Pwogram Lidèchip Eksepsyonèl la te etabli an 1988 pou rekonèt direktè
eksepsyonèl ki dirije pwogram pou ogmante pèfòmans elèv, pwomote anviwonman
aprantisaj an sekirite e etabli patenarya nan lekòl yo ak kominote yo. Meyè Direktè
pou Ane 2025 la pral resevwa yon prim $3,500, alòske de (2) finalis yo pral
chak resevwa $1,500. Yo ap anonse gayan an nan yon repa midi apresyasyon nan
Champions Gate, FL, 11 avril.
Pou
dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi -
vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM,
e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/126/AR/SD/RD