Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/17/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Onore Meyè Direktè, Asistan Direktè pou Ane a.

"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te onore meyè direktè ak asistan direktè li yo nan yon seremoni prim "Dade Association of School Administrators (DASA)" (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) patwone aswè a nan DoubleTree by Hilton.

Walter C. Hall, nan Leisure City K-8 Center, ranpòte pi gwo onè a kòm Meyè Direktè Distri a pou Ane a. Pandan 20 ane ki sot pase yo, Hall te yon edikatè nan M-DCPS, li te pase uit ane kòm pwofesè e 12 ane kòm asistan direktè nan plizyè lekòl, ki gen ladan Miami Southridge, Homestead, ak lekòl segondè Miami Norland.

Dènyèman, Hall te ranpòte prim 2025 "Florida Taxwatch Director Leadership Award" (Prim Lidèchip Direktè Taxwatch Florid), ki rekonèt li kòm youn nan 15 direktè lekòl nan eta a ki gen plis siksè nan lekòl K-12 ki gen gwo risk yo, dapre done lekòl yo ak entèraksyon li avèk elèv ak kominote a.

Hall di, "Filozofi edikasyon mwen, ki se 'Ou pa ka anseye sa ou pa ka jere' aksantye enpòtans pou kreye yon anviwònman aprantisaj pozitif, ki byen jere, kote tout elèv yo santi yo respekte e valorize yo."

Efò Hall fè pou li amelyore lavi elèv li yo ale pi lwen pase salklas la. Li te entwodui Pwogram 'Backpack with Caring for Miami', ki ede elèv ki nan bezwen yo lè li ba yo sakado ki ranpli ak manje lè vandredi, ak Inisyativ 'Mobile Food Market' la, ki bay fanmi nan lekòl li a pwodui ak pwovizyon fre.

Yo te rekonèt Melissa M. Miller nan Frederick Douglass Elementary School kòm Meyè Asistan Direktè pou Ane a. Miller, ki se yon veteran 14 ane nan edikasyon, te yon pwofesè ak antrenè lekti pandan uit ane anvan li te vin asistan direktè lekòl Shadowlawn Elementary School pandan dezan. An 2021, li te vin yon asistan direktè nan Frederick Douglass Elementary School. 

Lè li rive nan lekòl la, premye objektif li se te ogmante kantite elèv ki fè nòt pèfòmans nan nivo klas yo. Lekòl la te kreye inisyativ ki rele GLEAM "Grade Level Engaging Affirming Meaningful Instruction" (Angajman Nivo Klas ki Afime Enstriksyon Siyifikatif) pou ede chak pwofesè konprann elèv ki angaje e ki santi yo valorize yo gen mwens chans pou yo endisipline.  Twazan apre, kounye a lekòl la gen yon nòt B, e nivo konpetans yo ogmante nan langaj, matematik ak syans. 

Miller di, “Ansèyman ki fè sans enpòtan nan edikasyon, e lè elèv angaje yo nan eksperyans aprantisaj ki fè sans, yo santi yo gen konfiyans nan tèt yo pou yo pran edikasyon yo anchaj.

Tiffany C. James nan Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary School ranpòte dezyèm plas pou Meyè Direktè pou Ane a, e Tiffany Hayes, nan Lekòl Segondè Norland, ranpòte dezyèm plas pou Meyè Asistan Direktè pou Ane a.

Gayan Meyè Direktè pou Ane a pral resevwa yon prim $2,000 kach ak yon machin Headquater Toyota patwone pou twazan lokasyon. Meyè Asistan Direktè pou Ane a pral resevwa yon prim $1,500 lajan kach ak yon kwazyè twa a senk jou nan yon kabin ki bay sou lanmè, ki se yon koutwazi Royal Caribbean Group.

Evènman sa a te posib grasa yon patenarya avèk Headquater Toyota, Equitable, United Healthcare, EdFed, Royal Caribbean Group, Gassant Enterprises, Curriculum Associates, Horace Mann Educator's Corporation, BENCOR, Hand2 Mind, Arey Jones Educational Solutions, ak Corebridge Financial.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.

 

###


# # #

25-VSP/128/AR/SD/CM

Follow us