“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County) kontan anonse lòt opòtinite pou fanmi yo jwenn aksè nan nouvo pwogram Magnet ki ranpòte prim. M-DCPS ap envite fanmi yo
eksplore plas ki disponib yo, ki limite, nan divès pwogram Magnet enteresan.
Fami yo ka aplike kounye a pou plis plas Magnet pou ane lekòl 2025-2026 la. Peryòd
aplikasyon sa a ap rete ouvè jiskaske
tout plas yo ranpli oubyen jis nan kòmansman ane lekòl 2025-2026 la, kèlkeswa sa ki rive anvan an. M-DCPS ankouraje
fanmi yo aplike san pèdi
tan pou sekirize yon plas pou pitit yo pou lavni.
Se sèl sou entènèt n ap aksepte aplikasyon pou pwogram Magnet yo atravè Pòtal Paran an nan dadeschools.net.
Plas pitit ou a ap tann
li pou ane pwochèn! Fanmi ki gen pitit yo
kounye a nan lis atant pou premye peryòd aplikasyon pwogram Magnet la ap rete
nan lis atant la pandan y ap kontinye eksplore lòt pwogram ki gen nan peryòd
aplikasyon espesyal sa a. Opòtinite sa a ofri yon chans pou yo dekouvri plis
eksperyans edikatif tematik e inovatif toujou pou timoun nan Konte Miami-Dade.
Se yon moman ideyal tou pou fanmi yo eksplore dènye pwogram Magnet nou pral lanse pou
ane lekòl 2025-2026 la ki
pa t disponib pandan premye peryòd aplikasyon an. Nou ap ofri plas ki disponib
yo sou baz moun ki vini anvan an ap jwenn sèvis
anvan.
Dekouvri nouvo pwogam Magnet inovatif n ap ofri pou 2025-2026:
·
RITMO nan Leisure City K-8
Center
Yon nouvo pwogram dinamik ki pral eksplore Rit, Enspirasyon, Tradisyon, Mizik,
ak Orijin (RITMO) avèk yon
konsantrasyon sou mizik Mariachi.
·
Kominikasyon Demas nan Dr.
Rolando Espinosa K-8 Center
Premye pwogram Magnet ki janm egziste nan Doral, ki ofri yon opòtinite san parèy
pou elèv nan jadendanfan, jiska 8èm ane pou yo eksplore medya, retransmisyon
radio/televizyon, jounalis, rakonte istwa, ak pale an piblik nan kè sant
medyatik vil Doral ki kontinye ap grandi.
·
Iovine and Young Center
for Innovation and Entrepreneurship nan Miami Edison Senior High
Yon pwogram orijinal ki pote inovasyon nan edikasyon, e ki fèt selon modèl
‘Iovine and Young Academy’ University of Southern California a. Kourikoulom lekòl
segondè sa a ki gen ladan divès disiplin, e ki baze sou pwojè, melanje
teknoloji, antreprenarya, ak plan ki vin posib grasa yon patenarya ideyalis avèk
Jimmy Iovine ak Andre “Dr. Dre” Young, ki se antreprenè, pwodiktè mizik, ak
moun ki travay ansanm pou kreye rit mizik.
Eksplore Plis Pase 11 Tèm Etid Enteresan:
Pwogram Magnet nou yo
kouvri yon gran varyete enterè. Vizite miamimagnets.org pou n dekouvri tèm ki apwopriye pou nou, pami diferan tèm ki anba a:
·
Arts & Multimedia (Ar ak Miltimedya)
·
Business &
Finance (Biznis ak Finans)
·
Early Childhood
& Education (Pwogram pou Timoun Anbazaj ak Edikasyon)
·
Fine Arts (Ar
Vizyèl)
·
Health
Sciences (Syans Sante)
·
Information
Technology & Digital Design (Enfòmatik ak Kreyasyon Dijital)
·
International
& Advanced Studies (Etid Entènasyonal ak Etid Avanse)
·
On-Demand
Learning (Aprantisaj sou Kòmand)
·
Public Service
(Sèvis Piblik)
·
STEM (Syans,
Teknoloji, Jeni, Matematik)
·
Trade &
Industry (Komès ak
Endistri)
M-DCPS detèmine
pou l kontinye elaji aksè fanmi yo nan pwogram bon kalite, espesyalize, e pou l
ofri plis chwa pase anvan nan edikasyon. Nouvo Lekòl Magnet nou yo devwe pou yo
enspire, angaje, e prepare elèv pou yo fè sikse nan lavni. Eksperyans edikasyonèl
pitit ou a ap tann li!
Pou plis
enfomasyon, vizite miamimagnets.org.
Pou dènye enfòmasyon
yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou
WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/120/AR/CM/RD