Nan
reyinyon regilye li te fè mèkredi a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la
apwouve Veitia Padron, Inc. pou ajoute yon nouvo salklas ak abri pou Edikasyon
Fizik, nan kad pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral)
la, nan ‘Miami Arts Studio (MAS) 6-12 at Zelda Glazer’ ki vo apeprè $8 milyon.
Lekòl la, ki te
bati an 2006 nan Coral Way ak S.W. 150th Avenue, gen ladan nèf bilding pèmanan,
ki chita sou apeprè 16 ekta tè. Etablisman lekòl la genyen 1,842 plas pou elèv, ki pral
ogmante rive 1922 lè pwojè sa a fini.
Dimansyon travay la gen ladan yon nouvo bilding 14,000
pye kare, ki ap gen salklas pou Dans, yon Òkès ansanm ak Mizik, e l ap gen tou
plizyè sal oksilyè pou depo ak pratik. Salklas sa yo ap ofri 80 nouvo plas pou elèv.
Nouvo twati yo pral ajoute a ap genyen pano “photovoltaic” (enèji solèy),
ansanm ak yon nouvo abri pou Edikasyon Fizik, ak yon pasaj pou pyeton ki kouvri,
ki konekte avèk bilding ki la kounye a ak espas pou moun manje ki sou deyò a.
Pwojè a gen ladan tou konvèsyon kat salklas nan Bilding 5
la pou yo vin tounen de (2) laboratwa pou devlope ladrès/Modèl Tribinal avèk
sal pou konferans ak deliberasyon. Konvèsyon an genyen nouvo plafon, ekleraj,
planche, pòt, dekorasyon, mèb, enstalasyon ak ekipman.
Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises
(M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 1.73 pousan
Patisipasyon
Total Soutretans “Small Business Enterprise (SBE) / Micro Business Enterprise
(MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 16.85 pousan
Alokasyon total pou pwojè a – $8,045,469 L ap Fini – Out 2026
Pou
dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi -
vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM,
e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/129/HD/CM/RD