Semèn pase, “Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon
evènman koupe riban pou devwale yon espas inovasyon yo re-amenaje, ki rich ak
teknoloji, nan sant medya lekòl Palmetto Middle School. Nouvo espas la gen
ladan kas reyalite vityèl, zòn 'Makerspace'
(yon espas pou elèv pataje lide, ekipman, ak konesans), avèk wobotik pou
aktivite aprantisaj pratik, ansanm ak nouvo mèb yo mete nan yon espas ki ouvè
kote elèv yo ka angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup.
Ofisye Anchèf Akademik
Lourdes Diaz di, "Espas inovasyon sa yo pral kontinye evolye ak inove alavni...
Elèv yo pral kapab panse, aprann, jwe, eksplore ak rezoud pwoblèm nan yon fason
ki elaji fason yo panse ak elaji orizon yo, jodi a ak demen."
Pwojè $2 milyon dola a te
finanse grasa yon patenarya ant M-DCPS, "College Football Playoff
Foundation" (Fondasyon Faz Eliminatwa Foutbòl Kolèj Ameriken an) ansanm ak
"2026 College Football Playoff National Championship Game Host Committee"
(Komite Planifikasyon Faz Eliminatwa Chanpyona Nasyonal Foutbòl Kolèj 2026 la).
15 nan kas reyalite
vityèl espas inovasyon an resevwa yo fèt pou ranfòse kourikoulòm matematik ak
syans pou elèv yo. Zòn 'Makerspace'
la gen ladan non sèlman wobotik, men tou ar ak atizay ansanm ak lòt teknoloji
pratik.
Elèv
Lekòl Mwayen Palmetto ap teste echantiyon nan twous 'Makerspace' la
Espas Inovasyon an gen ladan
tou yon zòn jwèt 'Esports,' (jwèt sou entènèt) avèk uit òdinatè pou elèv yo
plonje nan eksperyans jwèt tankou 'Minecraft', lojisyèl pwogramasyon tankou
'Scratch' ak 'Tinkercat,' ki se yon lojisyèl pou enprime an '3D' (3-Dimansyon).
Alina Valero, Direktris Lekòl
Mwayen Palmetto di, “Li vrèman enteresan pou nou wè transfòmasyon an... Nou wè
ki jan elèv yo itilize zòn 'Makerspace' la ak òdinatè yo. Gen kèk elèv ki pa
pran kou wobotik epi ki pa gen aksè a teknoloji sa a, kounye a yo gen aksè a
li. Li enpòtan e enteresan."
Nan de (2) pwochen ane yo,
patnè nou yo pral re-amenaje yon total 18 espas inovasyon nan lekòl mwayen
M-DCPS yo pou satisfè bezwen endividyèl pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal,
emosyonèl ak akademik.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/134/AR/RD/SD