Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/1/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Fè Seremoni Lansman Travay nan Miami Arts Studio 6-12 @ Zelda Glazer


Nan foto a, soti agoch rive adwat: Direktè Administratif M-DCPS pou Konsepsyon ak Dirabilite Erick Laventure, Asistan Sipèentandan pou Jesyon ak Operasyon Etablisman Marilyn Capon, Responsab Anchèf pou Konsepsyon ak Konstriksyon Etablisman Raul Perez, Sipèentandan Rejyon Sid Rafael Villalobos, Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, ak Vis Chèmann Konsèy Lekòl la Monica Colucci, elèv, anplwaye ak reprezantan Distri yo te rasanble pou seremoni lansman travay la.

 

Madi a, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon seremoni lansman travay nan Miami Arts Studio 6-12 @ Zelda Glazer pou selebre yon pwojè renovasyon ak remodelaj ki vo $8 milyon, kote yo pral ajoute yon nouvo bilding, abri pou Edikasyon Fizik, ak yon pasaj pyeton ki kouvri.

 

Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres di, "Tout diferan gwoup elèv yo nan lekòl sa a reprezante tout ar ki enpòtan anpil nan lavi elèv nou yo ak kominote a... E jodi a, seremoni kòmansman travay sa a, ak yon nouvo estidyo dans ak yon estidyo pou ar, adrese tout bagay ki gen rapò ak ar. Se yon dèt nou genyen pou elèv yo, paran yo, ak kominote a, paske anpil bèl bagay soti nan lekòl sa a, tankou talan ak mizik."

 

Pami lòt moun ki te akopanye Dtè. Dotres te gen Responsab Anchèf pou Konsepsyon ak Konstriksyon Etablisman M-DCPS Raul F. Perez, Manm Komisyon Konsèy Lekòl, Madan Monica Colucci, Direktè Lekòl Miami Arts Studio @Zelda Glazer Dtè. Balsera, te gen anplwaye lekòl la, ak elèv ki te rasanble nan lekòl la pou evènman an.

 

Se 'Veitia Padron, Inc. ki te resevwa kontra konstriksyon pwojè a, ki gen ladan yon nouvo bilding 14,000 pye kare, ki ap gen salklas pou Dans, yon Òkès ansanm ak Mizik, e l ap gen tou plizyè sal oksilyè pou depo ak pratik.

 

Cesar Perez, yon elèv 11èm ane, ki nan pwogram magnet òkès la di, "Mwen panse se yon privilèj pou nou kapab jwe ak elèv ki gen anpil talan epi pou n santi nou antoure avèk ekipman ki gen anpil valè konsa... Se yon benediksyon pou nou kapab kontinye fè sa nou fè chak jou, epi nouvo bilding sa a pral ede nou amelyore pèfòmans nou yo pi plis toujou."

A group of people singing

AI-generated content may be incorrect.

Elèv Miami Arts Studio 6-12@Zelda Glazer nan koral pwogram magnet la t ap pèfòme nan seremoni lansman travay la

 

Nouvo bilding nan pral gen pano enèji solèy sou twati li, ansanm ak yon nouvo abri pou Edikasyon Fizik, yon pasaj pou pyeton ki kouvri, e ki konekte avèk bilding ki la kounye a, ansanm ak yon espas pou moun manje ki sou deyò.

 

Yo pral konvèti kat salklas nan Bilding 5 la pou yo tounen de (2) laboratwa pou devlope ladrès/Modèl Tribinal avèk sal pou konferans ak deliberasyon, elèv lekòl la ki nan pwogram magnet dwa a pral itilize pou pratike konpetans litij yo.

 

Lekòl la, ki te bati an 2006 nan Coral Way ak S.W. 150th Avenue, gen ladan nèf bilding pèmanan, ki chita sou apeprè 16 ekta tè. Etablisman lekòl la genyen 1,842 plas pou elèv, ki pral ogmante rive 1 922 lè pwojè sa a fini.

 

Pwojè a pwograme pou fini apeprè ann out 2026.

 

Pwojè bon obligasyon nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a an 2012. Nou ap itilize lajan bon yo pou modènize ak konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite nan etablisman yo, e amelyore teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/137/AR/RD/CM

Follow us