Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/16/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Kontinye Resevwa Sètifikasyon Prevansyon Suisid nan Men Depatman Edikasyon Florid

Pandan Mwa Konsyantizasyon sou Sante Mantal la, ‘‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) fyè pou l anonse "Florida Department of Education (FLDOE)" (Depatman Edikasyon Florid) te deziyen 39 lekòl kòm Lekòl ki Sètifye nan Prevansyon kont Suisid pou ane lekòl 2024-25 la. Avèk lekòl ki ajoute yo, kantite total lekòl ki sètifye nan Distri a pandan de (2) dènye ane yo ogmante a 134.

 

Martha Z. Harris, ki se direktris administratif, Divizyon Sèvis Elèv nan M-DCPS di, "Nou fyè anpil de lekòl sa yo ki fè gwo efò pou pran mezi pou amelyore e pote konsyantizasyon sou prevansyon kont suisid nan kominote lekòl yo, lè yo konsantre sou fòmasyon pwofesè e ankouraje yon anviwònman kote elèv yo jwenn sipò, yo santi yo an sekirite, e yo alèz pou chèche èd."

 

Lekòl ki Sètifye nan FLDOE pou Prevansyon kont Suisid dwe satisfè kritè sa yo:

 

·         Yo egzije tout pèsonèl enstriksyonèl yo konplete de (2) èdtan fòmasyon sou sansibilizasyon ak prevansyon kont suisid pou jèn, depatman an apwouve, chak twa zan.

·         Fòmasyon sou sansibilizasyon ak prevansyon suisid pou jèn sa yo dwe entre nan plan edikasyon kontinyèl distri a.

·         Lekòl la dwe gen omwen de (2) founisè sèvis sante mantal ki baze nan lekòl la ki kalifye pou fè yon evalyasyon risk suisid.

·         Lekòl la oswa distri a gen règleman ki egzije itilizasyon yon pwosedi evalyasyon risk suisid ki apwouve anvan yo kominike avèk elèv yo kwè ki an danje yo.

 

Divizyon Sèvis Elèv M-DCPS la ankouraje patisipasyon tout lekòl nan inisyativ sekirite enpòtan sa a, e li pral bay plis opòtinite pou lòt lekòl resevwa sètifikasyon pandan ane lekòl 2025-2026 la.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/139/AR/SD/CM

Follow us