Tout lekòl leta Miami-Dade County yo, ansanm ak biwo rejyon ak biwo distri yo ap fèmen lendi 26 me pou obsève Jounen ‘Memorial Day’. Nou ap reouvè madi 27 me.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/132/AZ/RD