Manm
Fanmi Hantman avèk Manm Komisyon Konsèy Lekòl la ak lòt envite yo.
Pou rann omaj ak defen Perla
Tabares Hantman, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl
Leta Miami-Dade County) chanje non bilding administrasyon li a ki sitiye nan
sant vil Miami pou rele l 'The Perla Tabares Hantman School Board
Administration Building' an rekonesans pou 26 ane sèvis li te bay ansanm ak 14
manda li sèvi kòm Chèmann Komisyon Lekòl la.
Sipèentandan
Lekòl yo, Dtè Jose L. Dotres di,
"Konsèy ak gidans li te enpòtan anpil pou mwen pandan moman ki pi
difisil nan karyè mwen. Epi, lè m te vin rive sipèentandan, ki te yon moun ki,
yon fason enkonparab, te gen kapasite ak efliyans pou fè yon non vin tounen yon
wi... Li kite yon egzanp eksepsyonèl pou
nou ak pou tout kominote a, epi nou kontan anpil pou nou kreye moman espesyal
sa a nan lonè li."
Nan
seremoni dedikas la, ki te fèt nan dat 20 me a, te gen ladan yon pèfòmans elèv
ki soti nan Lekòl M. A. Millian K-8 Center ak diskou plizyè envite espesyal.
Chèmann Komisyon Konsèy la, Onorab Mari Tere Rojas, Ansyen Asistan
Sipèentandan, Dtè Marcos M. Moran, Manm Komisyon Konsèy Lekòl la, Onorab Dtè
Steve Gallon III, Msye Michael Hantman, ak Sipèentandan Lekòl yo, Dtè Jose L.
Dotres, te pami moun ki te pataje eksperyans ak souvni yo sou eritaj Madan
Hantman.
Dansè ki soti nan Lekòl Milan Sant K-8 te fè
yon pèfòmans nan seremoni an anvan evènman pou chanje non an.
Evènman
pou chanje non bilding nan, ki te fèt nan dat 20 me, se yon dat enpòtan nan
lavi Madan Hantman akoz eritaj kiltirèl li, ki gen ladan angajman li pou
selebre endepandans peyi Kiba pou soti anba gouvènans peyi Espay.
Madan
Perla Tabares Hantman, te fèt nan Havana, Kiba, li te eli kòm manm Komisyon
Konsèy Lekòl la pou premye fwa nan mwa novanm 1996 pou reprezante Distri 4, e
yon ti tan aprè, li te fè listwa lè yo te eli li kòm premye fanm orijin Ispanik
pou sèvi kòm chèmann komisyon an. Pandan tout yon karyè distenge, Madan Hantman
te rete yon defansè fèm pou elèv, fanmi, ak pwofesè yo. Li te defann e
pwomouvwa edikasyon bileng, ekselans akademik, angajman kominotè, ak sekirite
elèv. Angajman fèm li pou ekselans nan edikasyon te ede gide Distri a nan
plizyè moman enpòtan tankou etablisman premye Akademi Cambridge Distri a te
genyen an, li toujou bay priorite a bezwen tout timoun yo ak kominote lekòl la
an jeneral.
Pitit
gason li, Michael Hantman di, "M-DCPS ranpòte anpil prim epi elèv ak
pwofesè nou yo reyalize anpil siksè enteresan chak fwa... Mwen pa ka imajine yon
lòt bagay sinon manman m jwe yon wòl nan siksè sa yo. Men, sa manman m te
renmen nan M-DCPS se tout moun li te konn kolabore avèk yo ki te travay di, ki te
gen bon kè, ki te entèlijan, ki te gen talan, e ki te motive pou yo te fè
sistèm lekòl la tout sa li te ye, sa li ye kounye a, ak sa li pral kontinye ye
pou jenerasyon k ap vini yo."
Lè M-DCPS
nonmen bilding nan nan lonè Madan Hantman, sa sèvi kòm yon rapèl dirab sou
eritaj ekstrawòdinè li ak gwo enpak li te genyen sou plizyè jenerasyon elèv,
pwofesè, ak tout kominote Miami-Dade la.
Pou
dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi -
vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM,
e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/142/AZ/RD/CM