Yè,
"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade
County) te fè yon seremoni koupe riban nan Lekòl Elemantè Coral Reef pou
selebre inogirasyon yon pwojè renovasyon ki vo apeprè $5.3 milyon dola.
Direktris Lekòl
Elemantè Coral Reef la, Madan Christina L. Guerra di, "Nou rekonesan anpil
pou bèl kanpous sa a yo renove a, e nou kontan nou pral jwi l chak jou... Ekip
administratif mwen an avèk mwen ap fè tout sa nou kapab pou n fè lekòl sa a
tounen pi bon kote pou anplwaye nou yo travay, e pou elèv nou yo aprann, e jodi
a nou fè yon pa enpòtan nan objektif sa a."
Pami lòt moun ki
te akonpanye Direktris Guerra nan evènman sa a te gen Responsab Anchèf pou
Konsepsyon ak Konstriksyon Etablisman M-DCPS yo Raul F. Perez, Manm Komisyon
Konsèy Lekòl, Madan Luisa Santos, Sipèentandan Rejyon Sid la, Rafael Villalobos.
Te gen anplwaye
lekòl la, ak elèv ki te rasanble nan lekòl la pou evènman an. Majorèt lekòl
Elemantè Coral Reef yo te fè yon pèfòmans tou nan evènman an.
Se konpayi konstriksyon
'Veitia Padron, Inc.' ki te resevwa kontra pwojè sa a ki gen ladan nouvo pasaj
pyeton ki kouvri, yon nouvo sistèm irigasyon, enstalasyon gazon atifisyèl nan lakou
rekreyasyon an, ak ranplasman twati nan bilding 10 ak bilding 3 yo. Pami lòt
amelyorasyon yo genyen pentire deyò kèk bilding, ranplase fenèt ak kèk pòt
deyò, ajoute nouvo plafon ak nouvo planche nan kèk salklas.
Camila Leon, yon elèv 5èm ane
di, "Penti a fè lekòl la parèt pi elegan e pi akeyan, epi li fè m santi
lekòl mwen bèl...Epi kounye a nou gen plis fenèt pou nou ka wè tout bagay pi
byen, mwen apresye sa anpil."
Majorèt lekòl Elemantè Coral Reef ap fè yon pèfòmans nan evènman an.
Pwojè bon obligasyon
nan lekòl yo se rezilta apwobasyon votè yo pou "General Obligation Bond
(GOB)" (Bon Obligasyon Jeneral) an 2012. Nou itilize lajan ki soti nan bon
an pou amelyore ak bati bilding lekòl nan tout Distri a, ogmante kantite plas
pou elèv yo, amelyore sekirite nan lekòl yo, epi ofri amelyorasyon teknolojik
nan tout lekòl.
Responsab Anchèf
pou Konsepsyon ak Konstriksyon Etablisman yo, Msye Raul Perez di, "Nou vle
bay elèv yo pi bon anviwònman aprantisaj posib pou pwofesè yo ka pran pi bon
teknoloji nou ka ba yo, epi lage mond la nan men elèv nou yo... Pwojè sa a te
gen ladan gwo renovasyon nan salklas yo, nan twalèt yo, ansanm ak ekleraj. Li
bèl anpil pou nou wè transfòmasyon sa a.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl
lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF
1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/143/AZ/RD/CM