"Miami-Dade
County Public Schools" (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap fèmen ane lekòl
2024-2025 la nan dat jedi 5 jen. Pou ofri pwofesè yo plis tan pou yo fèmen ane
lekòl la, lekòl elemantè ak segondè yo ap revize orè pou lage lekòl yo, pou twa
dènye jou lekòl yo.
Nan dat 3, 4, ak 5 Jen, men orè a kilè lekòl yo ap
lage:
Lekòl
Elemantè ak Sant K-8 |
1:50 nan aprèmidi |
Lekòl Mwayen |
2:40 nan aprèmidi |
Lekòl
Segondè |
12:30 nan aprèmidi |
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi -
vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM,
e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/131/AZ/RD