Elèv nan Lekòl Mwayen Southwood ap teste echantiyon nan twous
'Makerspace' la
Semèn pase, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta
Miami-Dade County) te òganize yon evènman koupe riban pou devwale yon espas
inovasyon nan Southwood Middle School. Nouvo espas la gen ladan kas reyalite
vityèl, zòn 'Makerspace' (yon espas pou
elèv pataje lide, ekipman, ak konesans), avèk wobotik pou aktivite
aprantisaj pratik, ansanm ak nouvo mèb yo mete nan yon espas ki ouvè kote elèv
yo ka angaje yo nan aktivite kreyatif an gwoup.
Lourdes Diaz, Ofisye Anchèf Akademik M-DCPS di, "Espas Inovasyon sa
a bay zouti ki pral ede elèv nan aprantisaj yo pou yo ka rivalize nan mond ki
antoure yo a e pou yo vin yon patisipan aktif, yon sitwayen nan mond sa a... Mwen pa ka tann pou m tande
istwa tout bèl bagay nou pral fè ak espas sa a."
15
kas reyalite vityèl espas inovasyon an resevwa yo fèt pou ranfòse kourikoulòm
matematik ak syans pou elèv yo. Zòn 'Makerspace'
la gen ladan non sèlman wobotik, men tou ar ak atizay ansanm ak lòt aparèy teknoloji
pratik.
Espas
inovasyon sa a gen ladan l tou yon douzèn òdinatè biwo ki espesyalize nan
lojisyèl jwèt ak pwogram tankou ‘Minecraft’ ak ‘Roblox’. Chak biwo
òdinatè gen yon chèz jwèt ki matche ak li.
Pwojè $2 milyon dola a te finanse grasa yon patenarya ant M-DCPS,
"College Football Playoff Foundation" (Fondasyon Faz Eliminatwa
Foutbòl Kolèj Ameriken an) ansanm ak "2026 College Football Playoff
National Championship Game Host Committee" (Komite Planifikasyon Faz
Eliminatwa Chanpyona Nasyonal Foutbòl Kolèj 2026 la).
Daniel E. Barrera Direktè Lekòl Mwayen Southwood di, “Espas Inovasyon sa
a bay elèv yo yon anviwònman diferan, modèn kote yo ka santi yo alèz, sa ki
pèmèt yo gen diferan anviwònman kote yo ka kreyatif, avèk wobotik, jwèt videyo,
kas VR (Reyalite Vityèl).
Yon lòt gwo amelyorasyon sèke yon pati nan renovasyon an gen ladan
adisyon mini-dwòn yo ka fè vole nan sant medya a. Sa yo pral yon bonjan adisyon
pou prèske 100 elèv ki patisipe nan akademi wobotik lekòl la.
Nan de (2) pwochen ane yo, patnè nou yo pral re-amenaje yon total 18
espas inovasyon nan lekòl mwayen M-DCPS yo pou satisfè bezwen endividyèl
pwofesè ak elèv yo nan domèn sosyal, emosyonèl ak akademik.
Lauren Trabanco, yon elèv wuityèm ane di, "Li vrèman kaptire
sans yon bon espas aprantisaj pou elèv yo detann yo epi etidye... Li pote yon
kontantman, pi plis pase lè yo nan yon salklas òdinè... Yo ka kreye pwòp chèdèv
yo, tankou avèk Lego ki ede timoun wobotik yo pèfeksyone talan yo."
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl
lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF
1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/145/AZ/SD/RD