Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/3/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Leta Miami-Dade County Resevwa Prim Ekselans nan Rapò Finansye

"Government Finance Officers Association (GFOA)" (Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènmantal) te bay Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County a “Certificate of Excellence in Financial Reporting Award (COE)” (Sètifika Akonplisman Ekselans nan Rapò Finansye) pou bon kalite rapò li pou “Comprehensive Annual Financial Report (CAFR)” (Rapò Finansye Konplè Anyèl) li a pou ane fiskal ki te fini 30 jen 2024 la. Rapò sa a, yon panèl jiri enpasyal te jije, satisfè estanda siperyè ki nan pwogram nan epi li demontre yon "espri transparans konplè" konstriktif pou klèman kominike istwa finansye li a.

 

Sètifika Akonplisman nan rapò finansye a se pi gwo fòm rekonesans nan kontablite gouvènmantal ak rapò finansye, e lè yo resevwa prim sa, sa reprezante yon akonplisman enpòtan pou yon gouvènman ak admistrasyon li. Sa fè 40èm ane konsekitif distri a resevwa prim prestijye sa a.

 

Kondisyon pou resevwa rekonesans sa a, sèke dokiman bidjè Distri a dwe satisfè direktiv yo rekonèt nasyonalman ki fèt pou evalye kijan li sèvi kòm yon dokiman règlemantè, yon plan finansye, yon gid nan fason yo dirije, ak yon dispozitif kominikasyon yo. Pou resevwa prim nan, dokiman an dwe pran yon nòt evalyasyon konpetan nan tout kat kategori yo ak nan katòz kritè obligatwa ki anndan yo.

 

Ansanm ak Sètifika Akonplisman an, Biwo Kontwòlè Finans la te resevwa prim ‘GFOA’ a pou Akonplisman nan Rapò Finansye, yo prezante li bay depatman ki te jwe yon wòl enpòtan nan inite gouvènmantal an pou jwenn Sètifika a.

 

‘GFOA’ se yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi ki sèvi plis pase 21,000 ofisye finans atravè peyi Etazini ak Canada.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/146/AZ/SD/RD

Follow us