Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/6/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Anonse Pwogram Manje Maten ak Manje Midi Gratis Pandan Ete 2025 la

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap fè patenarya avèk pwogram ‘Summer BreakSpot’ nan Florid pou kenbe timoun yo an sante e byen nouri pandan lekòl yo fèmen. Timoun jiska 18 an ka resevwa manje maten ak manje midi gratis pandan ete a.

Yo pral sèvi manje maten ak manje midi nan plis pase 198 lekòl M-DCPS ant 9 jen rive 1ye out. Pa gen okenn kondisyon revni pou satisfè e enskripsyon pa nesesè. Manje yo dwe konsome sou plas paske pa gen sèvis pou pran li epi ale ankò.

Sèvi elèv yo manje pandan ete a pandan lekòl fèmen se youn nan rezon ki fè M-DCPS se pi bon chwa ou.
Pou jwenn yon andwa ‘Summer BreakSpot’ pou manje maten ak manje midi, Vizite www.SummerBreakSpot.org.

 

Daprè lwa federal sou dwa sivil ak règleman dwa sivil ak règ “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), enstitisyon sa a entèdi diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks (ki gen ladan idantite sèks gason oswa fi ak oryantasyon seksyèl), andikap, laj, reprezay oswa vanjans pou aktivite dwa sivil yon moun te fè anvan.

 

Enfòmasyon sou pwogram yo ka disponib nan lòt lang ki pa Anglè. Moun ki gen andikap ki bezwen lòt mwayen kominikasyon pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (pa egzanp, Bray, gwo lèt, kasèt odyo, Lang Siy Ameriken), dwe kontakte ajans eta a oswa ajans lokal ki responsab pou administre pwogram nan oswa USDA TARGET Center nan (202) 720-2600 (vwa ak TTY) oswa kontakte USDA atravè “Federal Relay Service” (Sèvis Relè Federal la) nan (800) 877-8339.

 

Pou pote yon plent kont diskriminasyon nan pwogram nan, moun ki pote plent la dwe ranpli fòm AD-3027 “USDA Program Discrimination Complaint Form” (Fòmilè pou Pote Plent kont Diskriminasyon nan Pwogram USDA), ou ka jwenn sou entènèt nan: www.usda.gov/sites/default/files/documents/ad-3027.pdf rele nan nenpòt biwo USDA, nan (866) 632-9992, oswa ekri yon lèt ki adrese bay USDA. Lèt la dwe genyen non moun ki pote plent la, adrès, nimewo telefòn li, ak yon deskripsyon ekri sou aksyon diskriminatwa li di yo fè sou li a ak ase detay pou enfòme “Assistant Secretary for Civil Rights (ASCR)” (Asistan Sekretè Dwa Sivil la) sou diskriminasyon yo ak dat plent vyolasyon dwa sivil li di yo fè sou li a. Moun nan dwe voye Fòm AD-3027 la ki ranpli oswa lèt la bay USDA nan:

 

 

Lapòs:
U.S. Department of Agriculture
Office of the Assistant Secretary for Civil Rights
1400 Independence Avenue, SW Washington, DC 20250-9410; oswa Faks:
(833) 256-1665 oswa (202) 690-7442; oswa Imèl:
Program.Intake@usda.gov

 

Founisè sa a se yon Enstitisyon ki bay tout moun opòtinite egal-ego.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/148/AZ /RD/CM

Follow us