Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/13/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Selebre 10èm Edisyon Anyèl Gayan Prim ‘Pop-Up’ “Values Matter Miami”

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resamman te fè seremoni prim 2024-2025 “Values Matter Miami” (Valè Enpòtan nan Miami) nan 36 lekòl atravè Distri a. Prim yo te onore elèv eksepsyonèl yo, anplwaye ak kominote lekòl yo ki fè aksyon ki demontre nèf valè prensipal Distri a. 

 

Yo te lanse inisyativ ‘Values Matter Miami’ pou mete aksan sou nèf valè debaz Distri a yo idantifye nan Kòd pou Konduit Elèv la: Sitwayènte, Kowoperasyon, Ekite, Onètete, Entegrite, Jantiyès, Respè, Responsablite, ak Pousuit Ekselans.

 

M-DCPS kwè lè li rekonpanse konpòtman pozitif elèv yo se yon fason enpòtan pou devlope yon anviwònman lekòl ki pozitif, ki sipòte epi ankouraje elèv yo pou yo pouswiv ekselans nan tout domèn.

 

Chak mwa, lekòl yo òganize aktivite ki pwomouvwa epi ankouraje valè debaz pou mwa sa a pami rès ‘Valè Enpòtan nan Miami’ yo. Nou ankouraje elèv ak anplwaye yo tou pou yo nonmen youn nan kamarad yo ki demontre valè sa a chak mwa.

 

Seremoni ‘pop-up’ yo se reyalizasyon inisyativ ‘Values Matter Miami’ pou ane sa a. W ap jwenn anba a lis gayan yo, ki gen ladan de (2) elèv pou chak valè debaz, yon anplwaye ak yon lekòl, pou yon total 27 gayan ak nèf lekòl:

 

Sitwayènte

·         Elèv Lekòl Elemantè: Moises Santana, Maya Angelou Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Anaira Dewarchavez, John I. Smith K-8 Center

·         Anplwaye: Phillip Wright, Jan Mann Educational Center

·         Lekòl: Air Base K-8 Center for International Education

 

Kowoperasyon

·         Elèv Lekòl Elemantè: Michael Garcia, Dr. Henry E. Perrine Academy for the Arts

·         Elèv Lekòl Mwayen: Maanas Daswani, Felix Varela Senior High School

·         Anplwaye: Officer Crystal Gonzalez, Kenwood K-8 Center

·         Lekòl: Riverside Elementary Community School

 

Jistis

·         Elèv Lekòl Elemantè: Connor Finales, Eneida Massas Hartner Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Jasmine Lewis, COPE Center North

·         Anplwaye: Elena Mestre, West Miami Middle School

·         Lekòl: North Beach Elementary School

 


Onètete

·         Elèv Lekòl Elemantè: Kathleen Ortiz, Ludlam Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Aubriel Richardson, Andover Middle School

·         Anplwaye: Judersy Fernandez, Paul W. Bell Middle School

·         Lekòl: Coral Way K-8 Center

 

Entegrite

·         Elèv Lekòl Elemantè: Daynielly Contreras, Gloria Floyd Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Kevin Scarcello, iPREP Academy North

·         Anplwaye: Stephanie Nunez, Southwest Miami Senior High School

·         Lekòl: Kelsey L. Pharr Elementary School

 

Jantiyès

·         Elèv Lekòl Elemantè: Nolentz Pierre, Arch Creek Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Angelo Gandia, Cutler Bay Senior High School

·         Anplwaye: Kathy Vispisiano, Miami Killian Senior High School

·         Lekòl: Pine Villa Elementary School

 

Pousuit Ekselans

·         Elèv Lekòl Elemantè: Amoni Cunningham, Poinciana Park Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Sofia Arango, School for Advanced Studies - West

·         Anplwaye: Sylvia Gonzalez, Ben Sheppard Elementary School

·         Lekòl: Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary School

 

Respè

·         Elèv Lekòl Elemantè: Sebastian Ramirez, Coral Terrace Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Samuel Rodriguez, Hialeah-Miami Lakes Senior High School

·         Anplwaye: Iyana Johnson, Lorah Park Elementary School

·         Lekòl: Royal Green Elementary School

 

Responsablite

·         Elèv Lekòl Elemantè: Scarlett Serrano, Charles D. Wyche Elementary School

·         Elèv Lekòl Mwayen: Paula Campos-Arauz, Miami Jackson Senior High School

·         Anplwaye: Paulette Walker, Lillie C. Evans K-8 Center

·         Lekòl: Lamar Louise Curry Middle School

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/149/AZ/RD/CM

Follow us