Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
6/24/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Envesti $50 Milyon nan Renovasyon Lekòl

Nan reyinyon regilye Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te fè mèkredi dènye, li komisyone de (2) konpayi achitekti e li bay yon konpayi konstriksyon pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Coral Gables Senior High  School, Frances S. Tucker K-8 Center ak Palm Springs Middle School ki vo apeprè $50 milyon.

 

Coral Gables Senior High School – Se Silva Architects, LLC Komisyon an chwazi kòm Achitèk/Enjényè ki Anrejistre, pou pwojè renovasyon $30 milyon li a.

 

Coral Gables Senior High School, ki te bati an 1950, chita sou 25 ekta tè e li gen ladan 15 bilding pèmanan ak pasaj pyeton ki kouvri, avèk yon kapasite total 2,906 plas pou elèv ansanm ak yon total 2,916 elèv ki enskri.

 

Dimansyon travay la gen ladan demolisyon ak ranplasman Bilding 14 la ak teren kaskètbòl ki la kounye a. Yo pral ajoute de (2) nouvo teren kaskètbòl al volebòl, ansanm ak yon nouvo jimnazyòn 30,000 pye kare avèk yon nouvo antre ansanm ak pasaj pyeton ki kouvri. 

 

Ap genyen tou yon nouvo biwo pou pwofesè fè planifikasyon, nouvo twalèt pou anplwaye ansanm ak nouvo plaka pou gadyen yo.

 

Delè nou prevwa pou pwojè sa a fini se septanm 2027.

 

Francis S. Tucker K-8 Center – Se Wolfberg Alvarez ak Partners, Inc., Komisyon an chwazi kòm Achitèk/Enjényè ki Anrejistre, pou pwojè renovasyon $12.1 milyon li a.

 

Frances S. Tucker K-8, ki te bati an 1960, chita sou apeprè kat ekta tè e li gen ladan nèf bilding pèmanan ak pasaj pyeton ki kouvri, avèk yon kapasite total 486 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay la gen ladan yon nouvo bilding lekòl mwayen nou pral ajoute, ki mezire apeprè 17,395 pye kare avèk 128 nouvo plas pou elèv. Pwojè a gen ladan tou deplasman teren jwèt la ak yon nouvo teren baskètbòl nou pral ajoute.

 

Pami lòt amelyorasyon yo genyen remodle biwo administrasyon ki la kounye a, renovasyon kuizin nan e ajoute espas nan pakin nan.

 

Delè nou prevwa pou pwojè sa a fini se out 2027.

 

Palm Springs Middle School – Se H.A. Contracting Corp. Komisyon an chwazi pou pwojè renovasyon $7.1 milyon li a.

 

Palm Springs Middle School, Hialeah, ki te bati an 1957, chita sou 19 ekta tè, e li genyen 15 bilding pèmanan avèk yon total 1,505 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay la gen ladan ranplasman total fenèt yo, plafon an, sistèm ekleraj la, ansanm ak amelyorasyon nan sistèm HVAC ak elektrik yo ak pentire kèk kote nan Bilding 3 a. Nou ap ranplase fenèt kafeterya yo ansanm ak twati ak aparèy èkondisyone nan kuizin nan.

 

Ap gen ranplasman sistèm alam dife atravè tout etablisman an ansanm ak siyalizasyon sekirite nan tout bilding nan, ak tout sal yo.

 

Pami lòt renovasyon yo ap genyen nouvo sistèm ekleraj pou podyòm nan ak sistèm son pou oditoryòm nan. Nou pral rekouvri e redekore teren jwèt ki deyò a, e nou pral enstale nouvo poto pou kan yo.

 

Delè nou prevwa pou pwojè sa a fini se fevriye 2027.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/152/AZ/CM/RD

Follow us