Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
06/27/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Kontinye Ap Demontre Siksè nan Rezilta Evalyasyon Eta yo

Yè, "Florida Department of Education (FLDOE)" (Depatman Edikasyon Florid (FLDOE) te pibliye rezilta Distri ak Eta yo pou administrasyon evalyasyon atravè eta a pou Prentan 2025 la ki fèt pou mezire "Benchmarks for Excellent Student Thinking (B.E.S.T.)" (Meyè Referans Estanda Aprantisaj sou Fason Elèv Reflechi).

 

Evalyasyon sa yo gen ladan yo "Florida Assessment of Student Thinking (FAST)" (Evalyasyon Florid sou Fason Elèv Reflechi) pou klas 3èm rive 10èm ane eskolè nan "English Language Arts (ELA)" (Evalyasyon Lekti Redaksyon Lang Anglè) ak Lekti nan klas 3èm rive 8èm ane nan Matematik, ak klas 4èm rive 10èm nan B.E.S.T. Redaksyon an.   Yo te pibliye tou evalyasyon Matematik (EOC) Fen Kou yo nan Aljèb 1 ak Jewometri, ansanm ak evalyasyon Syans (Biyoloji 1) ak Syans Sosyal (Sivik ak Istwa Etazini) EOC ak nòt egzamen Evalyasyon Syans pou tout Eta a pou klas 5èm ak 8èm ane.

 

Dtè. Jose L. Dotres, Sipèentandan Lekòl yo di, Rezilta eksepsyonèl evalyasyon eta sa yo pou ane 2025 la mete aksan sou trajektwa ekselans nou an, ki se yon temwayaj sou travay ekstrawòdinè elèv, pwofesè, ak anplwaye nou yo... Nou fyè anpil de pèfòmans ak kwasans konsistan elèv yo nan tout matyè."

 

Anba la a, ou ap jwenn rezilta enpòtan ki soti nan administrasyon tès Prentan 2025 yo.  Li enpòtan pou nou note rezilta sa yo reprezante tout elèv ki te sibi tès sa yo, ki gen ladan yo elèv ki gen dwa pa gen nòt kalkil ki reflete nan responsablite lekòl la akòz kritè patisipasyon oswa enklizyon espesifik.

 

·         Elèv M-DCPS yo te egalize oswa demontre pi gwo pousantaj elèv ki te fè nòt nan nivo klas yo oswa pi wo nan evalyasyon FAST ELA Lekti yo lè yo konpare ak Eta a nan tout nivo klas yo.

o   Gen amelyorasyon nan pousantaj elèv M-DCPS ki te fè nòt nan Nivo 3-5 nan Lekti FAST ELA a nan tout nivo klas yo, ki demontre kwasans konpare ak rezilta ane 2024 rive 2025 yo.

o   Elèv nan M-DCPS yo te demontre kwasans nan Nivo 3-5 ane nan tout nivo klas yo, ki depase kamarad yo nan Eta a nan klas 3èm, 4èm, 5èm, ak 8èm konpare ak ane anvan an.

·         Elèv M-DCPS yo demontre pi gwo pousantaj nan elèv ki fè nòt nan nivo klas yo oswa pi wo nan Matematik FAST la lè yo konpare ak Eta a nan tout nivo klas yo.

o   Gen amelyorasyon nan pousantaj elèv M-DCPS ki fè nòt nan Nivo 3 - 5 nan Matematik FAST la nan tout nivo klas yo, ki demontre kwasans konpare ak rezilta yo soti nan 2024 rive 2025.

o   Elèv nan M-DCPS yo te demontre kwasans nan Nivo 3 - 5 nan tout nivo klas yo, ki depase kamarad yo nan Eta a nan klas 3èm, 4èm, 5èm, ak 7èm ane konpare ak ane anvan an.

·         Elèv M-DCPS yo te briye nan egzamen B.E.S.T. "End-of-Course (EOC)" (Egzamen Fen Kou) pou Aljèb 1 ak Jewometri, elèv yo depase Eta a nan pousantaj elèv ki te fè nòt nan nivo klas oswa pi wo nan Prentan 2025 la.

o   M-DCPS te demontre yon kwasans nan pousantaj elèv ki te fè nòt nan Nivo 3 ak pi wo nan EOC Aljèb 1 ak Jewometri soti 2024 rive 2025.

·         Elèv M-DCPS yo te eksele nan syans, ak yon pousantaj ki pi wo nan elèv M-DCPS nan 5èm ane ak Byoloji ki te fè nòt nan Nivo 3 ak pi wo konpare ak Eta a.

o   M-DCPS gen yon pousantaj ki pi wo pami elèv nan 5èm ane, 8èm ane, ak Biyoloji ki te fè nòt nan Nivo 3 ak pi wo an 2025 konpare ak ane anvan an.

o   Pwogrè elèv M-DCPS yo te fè nan syans soti 2024 rive 2025 te satisfè oswa depase pa Eta a, ak ogmantasyon remakab nan pousantaj pou 5èm ane, 8èm Ane, ak Biyoloji EOC a.

·         Elèv M-DCPS yo te briye nan evalyasyon syans sosyal yo, ak yon pi gwo pousantaj elèv ki te fè nòt nan nivo klas la oswa pi wo nan egzamen Sivik ak Istwa Etazini EOC yo konpare ak Eta a.

o   Te gen amelyorasyon nan pousantaj elèv M-DCPS ki te fè nòt nan Nivo 3-5 nan egzamen Sivik ak Istwa Etazini EOC yo, ki demontre yon kwasans konpare ak rezilta yo soti nan 2024 rive 2025.

Ou ka jwenn rapò konplè rezime Distri a, eta a, ak lekòl la atravè paj entènèt "Florida Department of Education (FLDOE)" (Depatman Edikasyon Florid) la e y ap disponib tou sou paj entènèt Evalyasyon, Rechèch, ak Analiz Done a nan  https://arda.dadeschools.net/.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

25-VSP/156/AZ/SD

Follow us