Depatman Edikasyon Florid pibliye nòt lekòl yo pou ane 2024-25
la e yon fwa ankò, Lekòl Leta “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl
Leta Miami-Dade County) se yon distri ki fè “Nòt A”.
Anba a n ap jwenn yon rezime sou Nòt Pèfòmans Lekòl Leta Miami-Dade
County pou ane 2024-2025 la:
• An jeneral, 99% lekòl M-DCPS yo te resevwa Nòt Lekòl A, B, oubyen C an
2025
• 64% te resevwa nòt A
• 22% te resevwa nòt B
• 14% te resevwa nòt C
• Okenn lekòl M-DCPS pa t resevwa yon nòt F an 2025
Sipèentandan lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres deklare, "Trajektwa
ekselans nou pran nan Lekòl Leta Miami-Dade County se yon temwayaj pou travay
eksepsyonèl elèv, pwofesè, anplwaye, ak lidè nou yo ap fè… Nou detèmine pou nou
ofri meyè opòtinite nan edikasyon, e n ap asire n nou rete pi bon chwa pou
kominòte nou an.”
Nou
Pèfòmans Lekòl pou ane 2024-2025 la disponib sou sit entènèt sa a: https://arda.dadeschools.net/#!/rightColumn/2668.
Pou dènye enfòmasyon yo an
Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN
91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23
1610AM.
Silvouplè
telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou.
Suiv nou sou X nan @MDCPS ak
@SuptDotres, sou Instagram
nan @MiamiSchools ak
@SuptDotres, e sou Facebook
nan MiamiSchools.
# # #
# # #
25-VSP/155/AR/CM/RD