Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/24/2025
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Envesti $36,2 Milyon nan Renovasyon nan Lekòl Elemantè Riverside

Nan reyinyon regilye Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County fè semèn sa a, yo komisyone yon konpayi achitekti/jeni pou yon pwojè renovasyon nan Lekòl Elemantè Riverside ki vo apeprè $36.2 milyon.

                                                                                   

Yo chwazi Gurri Matute, P. A. kòm Achitèk/Enjenyè ki Anrejistre pou pwojè renovasyon an ak yon nouvo bilding yo pral ajoute. Lekòl Elemantè Riverside, ki te bati an 1990, chita sou apeprè kat ekta tè e li gen de (2) bilding pèmanan, ki ap sèvi apeprè 835 elèv ki enskri.

 

Dimansyon pwojè a gen ladan ajoute yon nouvo bilding 23,387 pye kare ki pral ofri plas pou 396 elèv ak yon biwo planifikasyon pou pwofesè. 

 

Pral genyen tou yon pasaj pou pyeton ki kouvri ki konekte avèk bilding ki la kounye a. Nan premye nivo nouvo bilding lan pral gen yon nouvo abri ak teren baskètbòl, chèz plizyè nivo, ak yon tablo afichaj.

 

Pami lòt amelyorasyon yo genyen renovasyon zòn kote pou depoze e vin chèche timoun, pasaj pou pyeton epi ajoute espas pou pakin. Nouvo plan an ap gen ladan l tou yon wout aksè/sòti pou ale nan nouvo bilding nan ansanm ak yon nouvo jaden. Delè nou prevwa pou pwojè sa a fini se Novanm 2027.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.


# # #

25-VSP/06/AZ/SD/CM

Follow us