Nan reyinyon regilye Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County fè jodi a, yo komisyone yon konpayi achitekti/jeni pou yon pwojè renovasyon nan Lekòl Elemantè Riverside ki vo apeprè $36.2 milyon.
Pwojesa a gen ladan renovasyon ak yon nouvo bilding yo pral ajoute. Lekòl Elemantè Riverside, ki te bati an 1990, chita sou apeprè kat ekta tè e li gen de (2) bilding pèmanan, ki ap sèvi apeprè 835 elèv ki enskri.
Dimansyon pwojè a gen ladan ajoute yon nouvo bilding 23,387 pye kare ki pral ofri plas pou 396 elèv ak yon biwo planifikasyon pou pwofesè.
Pral genyen tou yon pasaj pou pyeton ki kouvri ki konekte avèk bilding ki la kounye a. Nan premye nivo nouvo bilding lan pral gen yon nouvo abri ak teren baskètbòl, chèz plizyè nivo, ak yon tablo afichaj.
Pami lòt amelyorasyon yo genyen renovasyon zòn kote pou depoze e vin chèche timoun, pasaj pou pyeton epi ajoute espas pou pakin. Nouvo plan an ap gen ladan l tou yon wout aksè/sòti pou ale nan nouvo bilding nan ansanm ak yon nouvo jaden. Delè nou prevwa pou pwojè sa a fini se Novanm 2027.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou
aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
25-VSP/06/AZ/SD/CM